07/30/2026
🆘MESAJ ENPÒTAN POU KOMINOTE AYISYEN AN AK TOUT MOUN KI GEN TPS K AP VIV NAN ENSÈTITID🆘
Tanpri pataje mesaj sa a ak fich preparasyon ki atache a avèk fanmi nou, zanmi nou, legliz nou, kòlèg travay nou, ak òganizasyon nan kominote nou yo.
Fen TPS la se pa fen lavi ou, se pa fen objektif ou, epi se pa fen istwa ou.
Moman sa a ka fè pè, li ka fè mal, epi li ka sanble enjis anpil. Men tanpri sonje: ou pa poukont ou, epi ou pa oblije travèse sitiyasyon sa a san èd.
Anvan ou pran nenpòt gwo desizyon, pale avèk yon avoka imigrasyon ki gen lisans oswa yon reprezantan DOJ akredite. Sitiyasyon chak moun diferan, epi gen moun ki ka gen lòt opsyon legal. Pa baze desizyon ou sou rimè, enfòmasyon sou rezo sosyal, notè, oswa moun k ap pwomèt ou yon rezilta garanti.
An menm tan, prepare ou avèk sajès:
• Pwoteje pitit ou epi mete yon plan ijans an plas pou fanmi ou.
• Pwoteje lajan ou ak enfòmasyon finansye ou.
• Rasanble dokiman imigrasyon, idantite, medikal, legal, ak dokiman pwopriyete ou.
• Kenbe kopi yo yon kote ki an sekirite epi bay yon moun ou fè konfyans yon kopi.
• Asire fanmi ou konnen kiyès pou yo kontakte si gen yon ijans.
Fich ki atache a bay etap pratik pou ede ou pwoteje pitit ou, lajan ou, dokiman ou, ak tèt ou.
Epi kenbe verite sa a nan kè ou: si ou oblije rekòmanse yon lòt kote, ou pap rekòmanse san anyen. Ou pote avèk ou edikasyon ou, eksperyans travay ou, lafwa ou, kouraj ou, kapasite ou, relasyon ou, ak tout sa ou te aprann pandan ou t ap viv Ozetazini.
Pote konesans sa yo avèk ou. Sèvi avèk yo pou ranfòse fanmi ou, sèvi kominote ou, kreye biznis, amelyore enstitisyon yo, epi ede bati yon pi bon avni nenpòt kote lavi mennen ou.
N ap kontinye priye, defann dwa nou, pataje enfòmasyon ki kòrèk, epi soutni youn lòt.
Prepare ou—men pa panike.
Aji avèk sajès, pa avèk laperèz.
Lavi ou toujou gen valè.
Avni ou toujou gen anpil posiblite.
Bondye poko fini ak istwa ou. ❤️🙏🏼
Tanpri pataje mesaj sa a. Gen yon moun nan antouraj ou ki ka bezwen enfòmasyon sa yo ijan.
***************************
🆘 PSA TO OUR HAITIAN COMMUNITY AND ALL TPS HOLDERS FACING UNCERTAINTY 🆘
Please share this message and the attached preparation flyer with your family, friends, churches, coworkers, and community organizations.
The end of TPS is not the end of your life, your purpose, or your story.
This moment may feel frightening, painful, and deeply unfair. Please remember that you are not alone, and you do not have to navigate it without help.
Before making any major decision, speak with a licensed immigration attorney or a DOJ-accredited representative. Every person’s situation is different, and some may have other legal options. Do not rely on rumors, social media gossip, notarios, or anyone promising a guaranteed result.
At the same time, prepare wisely:
• Protect your children and establish an emergency family plan.
• Safeguard your money and important financial information.
• Organize your immigration, identity, medical, legal, and property documents.
• Keep copies in a secure location and with someone you trust.
• Make sure your family knows whom to contact during an emergency.
The attached flyer is in Haitian Creole and provides practical steps for protecting your children, finances, documents, and personal well-being.
And please hold on to this truth: if you are forced to rebuild somewhere else, you are not starting with nothing. You carry your education, work experience, faith, resilience, skills, relationships, and everything you have learned while living in the United States.
Carry that knowledge with you. Use it to strengthen your family, serve your community, build businesses, improve institutions, and help create a better future wherever life takes you.
We will continue to pray, advocate, share accurate information, and support one another.
Prepare—but do not panic.
Move with wisdom, not fear.
Your life still has value.
Your future still holds possibilities.
God is not finished with your story. ❤️🙏🏼
Please repost. Someone in your circle may urgently need this information.