20/09/2026
Nan kad pwojè Wanament An Sante a, ekip sante Alpha-Evolu an te rann li nan prizon sivil Fòlibète vandredi 18 septanb 2026 la pou pote swen, medikaman ak yon ti rekonfò bay moun ki nan detansyon yo.
Depi nan lansaman aktivite an, nou te fè fas ak kèk reyalite ki te vrèman boulvèsan, nou te rankontre detni k ap viv ak maladi depi plizyè mwa san yo pa janm jwenn swen, kondisyon ijyèn ki difisil.
Nou te arive konsilte plis pase 120 detni epi fè don medikaman.
Se te yon jounen ranpli ak emosyon, pataj epi bon jan konpreyansyon sou sitiyasyon detni yo.
Mèsi a chak sipòte, benevòl ki te fè jounen klinik mobil sa posib nan prizon sivil Fòlibète an.