12/02/2026
Nou ka gen yon sosyete pi djanm ki chita sou byennèt ak devlòpman moun. Aksyon chak aktè konte.
Nan tèt kole ak UPC, AIDES-Femmes ak SPIRAL Group te reyalize jou mèkredi 11 Fevriye 2026, bèl ekspozisyon ak Konferans deba pou make selebrasyon Jounen Entènasyonal Fanm ak Tifi Lasyans. Tout kominote sou Kanmpis Inivèsite Piblik Sant lan (UPC) te kanpe pou raple epi montre gwo kapasite Fanm ak Tifi pou briye nan domèn Syans Teknoloji Enjenyeri ak Matematik (STEM).
Imaj sa yo pa montre sèlman Lidèchip fanm, kolaborasyon diferan aktè, men se sitou AVNI kap konstrui ak angajman chak grenn moun.
Lòt Ayiti a ap konstrui ak Fanm Syans, lap chita sou ekselans ak bonjan edikasyon pou tout moun !
-Femmes
Femmes