11/06/2026
KONNEN DWA W SE PROTEJE TET OU
Nan kad angajman RAFELD pou pwomosyon dwa fanm ak aksè ak jistis, nou envite tout moun, sitou fanm ak tifi yo, gade videyo sa a ki prepare pa Office de Protection du Citoyen (OPC), ki eksplike kijan yon moun kapab depoze yon plent lè dwa li pa respekte.
Enfòmasyon se yon zouti enpòtan pou pwoteksyon ak otonomizasyon sitwayen yo. Se poutèt sa RAFELD ankouraje tout moun, espesyalman fanm ak tifi yo, pou yo konnen dwa yo epi itilize mekanis ki disponib pou fè yo respekte.
RAFELD rete disponib pou bay enfòmasyon, oryantasyon ak akonpayman selon bezwen chak moun.