Haitians Heroes

Haitians Heroes Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Haitians Heroes, Nonprofit Organization, Boston, MA.

07/28/2024

SI W FEK RANTRE USA 🇺🇸
avan wal fè yon Bachelor degree Nan business administration
Pran certifika sa a.
Nan 10 zan wap bamm yon boutey kola choucoune

Sou menm ribrik volontarya a, jodi a janm te pwomèt li, m ap pataje 10 website kote w ap jwenn resous ki ka ede w si w a...
01/19/2024

Sou menm ribrik volontarya a, jodi a janm te pwomèt li, m ap pataje 10 website kote w ap jwenn resous ki ka ede w si w ap chèche fè volontarya. Opòtinite sa yo egsiste an liy tankou an pèson, e pou anpil nan yo, ou pa menm bezwen Etazini pou sa.

1✅ 𝐕𝐨𝐥𝐮𝐧𝐭𝐞𝐞𝐫𝐌𝐚𝐭𝐜𝐡: Platfòm sa kouvri tout peyi a. W ap jis mete zip code ou nan ba rechèch la, epi l ap ba w ki opòtinite ki disponib nan zòn lakay ou.
https://www.volunteermatch.org/

2✅ 𝐕𝐨𝐥𝐮𝐧𝐭𝐞𝐞𝐫.𝐠𝐨𝐯: ede w dekouvri opòtinite volontè epi aprann kijan ou ka fè yon enpak nan domèn ki enterese w la. Yo gen plizyè milye sit ki disponib nan tout peyi a. Pran kontak ak yo epi chèche kisa w anvi fè epi voye aplikasyon pa w la ale.
https://www.volunteer.gov/s/

3✅ 𝐄𝐧𝐠𝐚𝐠𝐞: (Platfòm sa gen ansyen non l ki se “All for Good”). Li ba ou plizyè milye opsyon pou w chwazi. Sit la tou pèmèt ou filtre rezilta yo pa pwojè, zòn, pwoblèm, ak konpetans yo mande yo.
https://engage.pointsoflight.org/

4✅ 𝐉𝐮𝐬𝐭𝐒𝐞𝐫𝐯𝐞: konekte ak plis pase 12K òganizasyon nan tout mond lan, yo gen plis pase 600K volontè ki gaye kò yo tout kote, antre sou lyen sa pou w konekte ak yo.
https://www.justserve.org/

5✅ Si w konn fè volontè deja, pwobableman ou deja tande pale de 𝐔𝐧𝐢𝐭𝐞𝐝 𝐖𝐚𝐲. Se yon òganizasyon san bi likratif ki espesyalize nan bay kominote yo jarèt, espesyalman nan edikasyon, swen sante, yo ranmase lajan tou pou sipòte travay lòt òganizasyon. Si m pran pale de United Way, m pap fini. Klike sou lyen sa wa wè pou kò w.
https://www.unitedway.org/

6✅ 𝐃𝐨 𝐒𝐨𝐦𝐞𝐭𝐡𝐢𝐧𝐠 pèmèt jèn yo patisipe nan kominote yo epi goumen pou yon chanjman sosyal. Travay yo senp, pa egzanp, yo ka mande w pou netwaye fatra nan zòn lakay ou, oubyen kolekte manje pou moun ki nan bezwen. Se ou k ap chwazi ki sa w vle fè.
https://www.dosomething.org/us

7✅ 𝐇𝐚𝐛𝐢𝐭𝐚𝐭 𝐟𝐨𝐫 𝐡𝐮𝐦𝐚𝐧𝐢𝐭𝐲: Èske w pote enterè pou konstriksyon? Si wi, ou dwe tcheke Abita pou limanite. Yo espesyalize nan bati kay pou moun ki defavorize. Si w te yon enjenyè Ayiti epi w ap chèche lanse tèt ou isit, se yon bon opòtinite pou ou.
https://habitatboston.org/

8✅ 𝐅𝐞𝐞𝐝𝐢𝐧𝐠 𝐀𝐦𝐞𝐫𝐢𝐜𝐚: se yon bank manje. Òganizasyon sa a ka vrèman sèvi ak èd ou, lè w pase yon ti tan nan klasman ak stoke manje, ou ka ede fanmi ki grangou nan vil ou a.
https://www.feedingamerica.org/programs-services

9✅ 𝐆𝐢𝐯𝐞𝐏𝐮𝐥𝐬𝐞 chaje ak opòtinite volontè nan yon pakèt domèn. Tape zip code ou, w ap sezi wè opòtinite ki gen nan zòn lakay ou, ou pat menm konnen.
https://learn.givepulse.com/

10✅ 𝐀𝐀𝐑𝐏 𝐂𝐫𝐞𝐚𝐭𝐞 𝐭𝐡𝐞 𝐠𝐨𝐨𝐝: se youn nan pi gwo asosyasyon san bi likratif Etazini. Li ede moun ki aje lè li ba yo plis konfyans pandan pwosesis vyeyès yo. Kòm volontè ou ka yon granmoun aje, sèvi pwofesè pou timoun piti, oswa ede veteran yo.
https://createthegood.aarp.org/

Gen plis, men m kanpe nan 10. W ap sezi wè opòtinite ki gen nan zòn lakay ou, ou pa t menm konnen. Si w konn fè volontè deja, ou ka pataje kèk òganizasyon ou konnen nan kòmantè yo.
Credit:Alce MK Henry

♦️Si w rantre nan   nan oubyen si w se  , men top 5   ou ka konsidere aplike ane sa! (Yo valab pou TOUT state).📌1. US Fu...
01/17/2024

♦️Si w rantre nan nan oubyen si w se , men top 5 ou ka konsidere aplike ane sa! (Yo valab pou TOUT state).

📌1. US Fulbright Scholar Program:
Nivo: Masters/Ph.D
https://fulbrightscholars.org/us-scholar-award

📌2-Fulbright Foreign Students scholarship:
Nivo: Masters/Ph.D
https://foreign.fulbrightonline.org/

📌3-The Gates Scholarship Program
Nivo: Undergrad/Masters/Ph.D
https://www.thegatesscholarship.org/scholarship

📌4- MPower Global Citizen Scholarship
Nivo: Undergrad/Masters/Ph.D
https://www.mpowerfinancing.com/scholarships/global-citizen
E si w se yon FANM, bous sa se pou ou menm!
Ou ka aplike pou ladan l tou👇🏾
📌5-AAUW International Fellowships
https://www.aauw.org/resources/programs/fellowships-grants/current-opportunities/international/

Li enpòtan pou nou gade kritè yo epi prepare dosye ki solid!

Ou aplike pou bous 🇺🇸deja?

Ekri nan yon kòmantè ki bous ou vle aplike👇🏾

♦️



Credit:Kedh A.Ssah

01/15/2024

Kou Gratis
Premye Kòmantè
👇👇👇👇👇👇

Kredi: Alce MK Henry Lòtjou mwen fè yon pòs sou 𝐏𝐡𝐚𝐫𝐦𝐚𝐜𝐲 𝐓𝐞𝐜𝐡𝐧𝐢𝐜𝐢𝐚𝐧 𝐂𝐞𝐫𝐭𝐢𝐟𝐢𝐜𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧, anpil moun raple m ke m poko te fè su...
01/08/2024

Kredi: Alce MK Henry

Lòtjou mwen fè yon pòs sou 𝐏𝐡𝐚𝐫𝐦𝐚𝐜𝐲 𝐓𝐞𝐜𝐡𝐧𝐢𝐜𝐢𝐚𝐧 𝐂𝐞𝐫𝐭𝐢𝐟𝐢𝐜𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧, anpil moun raple m ke m poko te fè suivi pou lyen yo. Mèsi pou rapèl la! Jan m te pwomèt li, jodi a m ap pataje plizyè lyen kote w ka aprann kou sa. M ap raple, se yon fòmasyon k ap fòme w pou w vin yon Teknisyen Famasi Sètifye pandan 12 semèn. Yon domèn ki enteresan anpil, ni nan salè, ni nan demann ki gen pou li. Aprè peryòd fòmasyon an, ou gen garanti pou w travay nan anpil gwo lopital, klinik, oubyen famasi tankou, Walgreens ak CVS.

Gen kou ki anliy men gen ki an pèsòn tou depan de kote w rete. Si w enterese nan lanse yon karyè nan domèn sante, se yon gwo opòtinite ki ka ede w si w fenk antre Etazini epi w ap chèche oryante w pwofesyonèlman. Kou sa disponib nan tout peyi a, men mwen deside pataje kèk lekòl referans ak ou. Sinon, ou ka toujou fè pwòp rechèch pa w.

𝐆𝐚𝐝𝐞 𝐥𝐲𝐞𝐧 𝐤𝐢 𝐩𝐢 𝐛𝐚 𝐲𝐨 𝐩𝐨𝐮 𝐩𝐥𝐢𝐬 𝐝𝐞𝐭𝐚𝐲:

https://bit.ly/4aOrXmT

https://bit.ly/3NUjpB7

https://bit.ly/3ScVcZD

https://bit.ly/47rN6QX

https://bit.ly/4aPcnrb

https://bit.ly/47rtTz1

Men kèk inivèsite ak kolèj ki  ofri   pou   nan Eta New Jersey ak New YorkPin pòs sa sou paj ou. W ap bezwen sa. Pataje ...
01/02/2024

Men kèk inivèsite ak kolèj ki ofri pou nan Eta New Jersey ak New York

Pin pòs sa sou paj ou. W ap bezwen sa. Pataje l ak yon zanmi w ki bezwen sa tou k ap viv NJ/NY.

📌New Jersey:

♦️Rutgers, The State University of New Jersey
- Website: [Rutgers](https://www.rutgers.edu/)❤️

♦️New Jersey Institute of Technology (NJIT)
- Website: [NJIT](https://www.njit.edu/)

♦️Seton Hall University
- Website: [Seton Hall](https://www.shu.edu/)

♦️Montclair State University
- Website: [Montclair State](https://www.montclair.edu/)

♦️Princeton University
- Website: [Princeton](https://www.princeton.edu/)

📌New York:

♦️Columbia University
- Website: [Columbia](https://www.columbia.edu/)

♦️New York University (NYU)
- Website: [NYU](https://www.nyu.edu/)

♦️City College of New York (CCNY)
- Website: [CCNY](https://www.ccny.cuny.edu/)

♦️Stony Brook University (SUNY)
- Website: [Stony Brook](https://www.stonybrook.edu/)

♦️Fordham University
- Website: [Fordham](https://www.fordham.edu/)

Tanpri, se pa TOUT pwogram nan inivèsite sa yo ki ofri bous. Ale sou website yo pou plis enfòmasyon. Gen anpil nan yo ki ofri bous assistantship ak internship tou. Epi, verifye kritè yo pou nou gade si nou elijib.

Kòmante kisa nou swete aprann plis toujou.
Pataje l ak yon zanmi nan antouraj ou.
♦️



Credit: Kedh A.Ssah

Moman sa se moman pakèt College/University lanse enskripsyon yo oswa pral lanse enskripsyon yo pou nouvèl sezon akademik...
12/29/2023

Moman sa se moman pakèt College/University lanse enskripsyon yo oswa pral lanse enskripsyon yo pou nouvèl sezon akademik yo. (Winter/ Springs/ Summer)

Si w antre nan pwogram lan, ou deside ale lekòl oswa kontinye lekòl (high school/ College / University).
Pa bliye si ou pa kalifye pou « Financial Aid », gen kèk platfòm ki ka ede ou toudepan de state ou ye a.

Men kèk sit ou ka aplike nan yo, e si ou apwouve ou ka jwenn jiska 60@100mil dola finansman pou lekòl ou.

Scholarships.com
Fastweb.com
Finaid.org
Unigo.com
Goingmerry.com
Niche.com

Si ou gen fanmi/zanmi w ki sou TPS; DACA; Azil (si case la gentan apwouve) , yo elijib pou yo aplike tou.

Pa bliye si ou te gentan gen diplòm deja depi Haiti oswa nan yon inivèsite entènasyonal, ou pap oblige nan rekòmanse.

Wap bezwen tradwi li an anglè e fè ekivalans lan. Ou ka itilize:
https://www.wes.org
https://www.myiee.org
Pou sit sa yo, wap peye yon frè.
Men konsa tou gen inivèsite se yo ki fè ekivalans lan pou ou apre dokiman yo fin tradwi.

Nan yon pwochen piblikasyon, plis esplikasyon ap vini sou kòman pou w aplike!

Credit:Marcna andy pierre


Scholarships.com is a free college scholarship search platform that matches you to college scholarships you qualify for.

RETURN ON INVESTMENT (ROI)Womanizing se yon biznis ki pa gen trò gwo benefis pou yon gason nan diaspora a ditou non. PA ...
12/28/2023

RETURN ON INVESTMENT (ROI)

Womanizing se yon biznis ki pa gen trò gwo benefis pou yon gason nan diaspora a ditou non.

PA EGZANP
Imajine w, ou gen bon ti madam ou oubyen yon bon ti manman famm ou USA oubyen Canada kap bat lavi a avè w Byen pròp. Epi w kontre ak yon bel ti nana ki saint Domingue sou tik tok, ou desidé entre nan yon long distance relationship ak manzè.

Ou tonbé INVESTI nan manzè

Ann konte kek nan envèstisman sa yo:
1- Ou lwe kay kap péyé pa mwa
2- Ou founi kay la
3- Ou achte yon machin oswa wap peye pou transpò
4- Ou voye lajan chak mwa pou manje, pozé so sou paspò, fè zong , fè cheve, péyé lekòl, péyé kouran, téléphone, ede fanmi l ki nan bezwen, etc.
5- Manzè ap mete w sou presyon paske w pa tounen text li oubyen call li yo a lè.
6- Lakay ou USA, ou paka itilize telefòn ou devan madanm ou Jan w vlé.
7- Ou paka posté sa w vlé sou medya sosyal yo enkò ou pè pou w pa fwasé manzè
8- Wap pran stress lè 2 bò
9- Etc

Koulye a, ann gade sa ou jwenn (RETURN)
1- Sèks nan Telefòn 7 fwa pa jou (se truck driver w ye, rout yo long 🫣)
2- ti foto toutouni, byen s*xy
3- 2 semèn s*x pa ane, si job la kite w pran tout vakans sa a. (Ou konn rivé épi manzè pran pòv la choz di mwa è vini) paske gen kolizyon ent ou e vrè (kou-zen 😜 an) kap manjé lajan w yo. Epi biwwww ou pèdi 1 an investisman 🫣. A lané prichèn

4- Si w malad manzè pap la pou l bouyi yon té fey pou ou. Si w lopital li paka vinn wèw.

Sak pi red la
Ou pa meme gen entansyon marie avèl oubyen aplike pou li nan program Biden nan.

Rezilta ( se pi move envestisman w ka fè)
Fi a se sèl benefisyè wi nan sitiyasyon sa a. Ou fè defisi sou tout la lign.

Solisyon an
Brother, ou gen yon bel ti fi isit la nan USA, kap touye pou ou, oubyen kap pran yon bal pou ou, Tanpri sispann istwa san sans sa a marye ak li.

Oswa si ou deja marye, bay famm ou avèl la 1 an, nan ane sa a bal tout atansyon w, priye ansanm ak manzè, bal aksè konplè nan telefòn ou, mennen l soti lè wikenn, bal love San resèv pou 1 ane.
ÉPI
Konpare chanjman ki fèt nan lavi w pou 1 an saa, gade lajan w ekonizé, epi pran desizyon pou w kite radot 3 fanmm nan. Wap péyé sa chè pi devan.

Lagé pie malèrèz saint domingue la pou l jwen yon neg ki renmen l tout bon vre.

Crédit Message: Jhonson Napoleon

🛑 Ant Credit Union avek Bank kiyès ki pi bon pou ou ak lajan w nan Etazini.?Majorite moun toujou tande pale de Labank,  ...
12/24/2023

🛑 Ant Credit Union avek Bank kiyès ki pi bon pou ou ak lajan w nan Etazini.?

Majorite moun toujou tande pale de Labank, louvri yon kont labank, al met kob ou labank, fè yon " Saving account " labank etc.. Men se pa anpil ki konn tande pale de Credit union oubyen avantaj yo ofri.

Credit Union fonksyone menm Jan ak Bank yo tankou Bank of America , Santander , Chase etc... Nan sa ki gen pou wè ak sèvis yo ofri. Menm sa w ka fè nan Bank la ou ka fè l nan Credit union yo tou.

ki Avantaj ak Diferans ?

Yon Credit Union pa yon enstitisyon ak Objektif pou fè Lajan ( Non-profit institution) diferan ak Labank limenm ki se yon enstisyon ki la pou bwase la, pou fè lajan e lajan yo fè yo an majorite se sou do Kliyan yo. Ekzanp nan gwo enterè nan lajan y ap prete.

Lè w louvri yon kont nan yon Credit Union ou se yon manm, ou vinn tankou youn nan pwopriyetè yo, diferan ak labank la li menm kote se gwo enstitisyon, gwo palto ( shareholders)ki envesti lajan yo e k ap tann benefis anretou. Se youn nan rezon Bank la oblije Pete fyèl kliyan l ak gwo enterè pou l fè moun sa yo plezi.

Sonje byen nan Credit Union ou se yon manm e pou Labank ou se yon kliyan

Pi gwo avantaj lè w louvri yon kont nan Credit Union se enterè yo ba w lè w ap prete lajan, Oswa pou rezon pèsonèl, pou w achte kay elatriye, pou w achte machinn etc.....
Pa ekzanp si Labank t ap prete w yon kob pou w achte kay sou 30 lane ak yon enterè 7-8% ak Credit Union li ka 4_5% sou menm 30 lane sa.
Kidonk Enterè pi bon lontan. Kidonk mwens enterè se plis kòb w ap ka ekonomize.

Dezavantaj ki genyen, yo pa gen menm kantite Biwo Bank oubyen ATM nou konn wè gwo Bank yo genyen tout kote yo.

Tout Credit Union yo rekonet pa leta e yo fè menm travay ak Bank yo.
Menm si w te gen 50 kont labank m ap konseye w louvri yon kont nan youn nan yo.
Pi Devan wa di m mèsi. 🙏 Prepare kabann ou pou lè w ap achte Kay.

Bon Dimanche 🔥🙏

Crédit: Léon Boursiquot

Jwaye Nwèl Tout MounSouri ak lavi nenpòt jan sa ye❤️🙌❤️
12/24/2023

Jwaye Nwèl Tout Moun
Souri ak lavi nenpòt jan sa ye
❤️🙌❤️

Address

Boston, MA
02124

Telephone

+13158550709

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Haitians Heroes posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Organization

Send a message to Haitians Heroes:

Share