Summits Education

Directions Website Contact the organization

Summits Education We believe that access to quality education is a human right. At Summits, we build education systems

Before the first student walked through the gate, this happened. Every Summits teacher and director spent at least five ...
10/02/2026

Before the first student walked through the gate, this happened. Every Summits teacher and director spent at least five intensive days this summer in professional development: new lessons, new techniques, and honest debate about what good teaching looks like.
Before school opened, teachers were already hard at work.
Show some love for our teachers in the comments! 👇
//
Anvan premye elèv la pase pòtay la, sa te fèt. Chak pwofesè ak direktè Summits pase omwen senk jou entansif fòmasyon sezon ete a: nouvo leson, nouvo teknik, ak bon jan diskisyon sou kisa bon ansèyman ye.
Anvan lekòl louvri, pwofesè yo te deja nan travay.
Kite yon ti mo pou ankouraje yo nan kòmantè yo! 👇

From classrooms in the Central Plateau to global platforms in New York City. 🇭🇹This week at CGI 2026, Summits Education ...
09/25/2026

From classrooms in the Central Plateau to global platforms in New York City. 🇭🇹
This week at CGI 2026, Summits Education stood alongside the W.K. Kellogg Foundation’s Pockets of Hope campaign to emphasize what drives real transformation: locally led solutions and trusted collaboration.
Men anpil chay pa lou! We cannot do this work alone, and we don’t have to. Lasting progress happens when we build strong partnerships that invest in community leadership and scale what is already working on the ground.
Deeply grateful to the Haiti Action Network, W.K. Kellogg Foundation Zanmi Lasante Porticus The Rockefeller Foundation Acceso Haiti Food System Alliance and all our dedicated partners standing with us to turn shared vision into action for our students.

Soti nan sal klas nou yo nan Plato Santral rive sou platfòm mondyal nan New York. 🇭🇹
Semèn sa a nan CGI 2026, Summits Education te kanpe kòtakòt ak kanpay Pockets of Hope Fondasyon W.K. Kellogg pou raple yon lòt fwa ankò sa ki pote vrè chanjman: solisyon ki soti epi pote pa lidè lokal yo ak kolaborasyon solid.
Men anpil chay pa lou! Nou pa kapab fè travay sa pou kont nou, e nou pa bezwen fè l poukont nou nonplis. Pwogrè ki dire lontan an posib, lè nou bati patenarya ki envesti nan lidèchip kominote a epi ki ede sa k ap mache deja grandi.
Mèsi anpil ak Haiti Action Network, W.K. Kellogg Foundation Zanmi Lasante Porticus The Rockefeller Foundation Acceso Haiti Food System Alliance ak tout lòt patnè ki kanpe ak nou pou fè vizyon sa a tounen aksyon pou elèv nou yo.
Haiti EducationInHaiti PartnershipsInAction

Week one in the Central Plateau, and the rhythm is already coming back. A grammar lesson on the board, notebooks open, h...
09/18/2026

Week one in the Central Plateau, and the rhythm is already coming back. A grammar lesson on the board, notebooks open, hands raised. Returning to school here is never a small thing, and we are grateful to begin the year alongside these teachers and families.
Welcome back to school, everyone! 🏫

Premye semèn lekòl la nan Plato Santral, epi ritm lan deja ap reprann. Yon leson gramè sou tablo a, kaye yo louvri, men yo leve. Retounen lekòl isit la pa janm yon ti bagay, e nou kontan kòmanse ane a bò kote pwofesè yo ak fanmi yo.
Bòn rantre, tout timoun yo! 🏫

A recent Supreme Court ruling allows the current administration to end Temporary Protected Status (TPS) for more than 35...
07/01/2026

A recent Supreme Court ruling allows the current administration to end Temporary Protected Status (TPS) for more than 350,000 Haitians, including approximately 85,000 children. The decision also creates uncertainty for hundreds of thousands of Haitians living in the United States under humanitarian parole.

For many families, this ruling brings the possibility of separation, displacement, and an uncertain future at a time when Haiti continues to face extraordinary challenges.

At Summits Education, we know that children learn best when they have safety, stability, and the support of their families and communities. Those values guide our work every day, and they are why moments like this matter so deeply to us.

Today, we stand in solidarity with Haitian families and all those working to build a brighter future for Haiti’s children.

Learn more at the link in our bio



Yon desizyon resan Tribinal Siprèm Etazini pèmèt administrasyon aktyèl la mete fen nan Temporary Protected Status (TPS) pou plis pase 350,000 Ayisyen, ladan yo anviwon 85,000 timoun. Desizyon sa a kreye tou plis ensètitid pou plizyè santèn milye Ayisyen k ap viv Ozetazini anba pwogram paròl imanitè.

Pou anpil fanmi, desizyon sa a pote risk separasyon, deplasman, ak yon avni ki pa sèten, pandan Ayiti kontinye ap fè fas ak gwo defi.

Nan Summits Education, nou konnen timoun aprann pi byen lè yo gen sekirite, estabilite, ak sipò fanmi yo ansanm ak kominote yo. Se valè sa yo ki gide travay nou chak jou, e se poutèt sa moman tankou sa a touche nou anpil.

Jodi a, nou kanpe an solidarite ak fanmi ayisyen yo ansanm ak tout moun k ap travay pou konstwi yon pi bon avni pou timoun Ayiti yo.

Aprann plis atravè lyen ki nan bio nou an

The final score didn’t reflect the heart, determination, and talent the Grenadiers brought to the pitch on Saturday nigh...
06/15/2026

The final score didn’t reflect the heart, determination, and talent the Grenadiers brought to the pitch on Saturday night 🇭🇹⚽️

And it certainly didn’t dampen the energy at our World Cup Watch Party! It was incredible to come together as a community to celebrate the power of play, cheer on Haiti, and support Summits students 🎉🙌🏾

Huge thanks to our community partners, and , for helping make the night so special ❤️

Next stop: Philadelphia 🔥🔥



Nòt final la pa t montre tout kè, detèminasyon, ak talan Grenadye yo te pote sou teren an samdi swa 🇭🇹⚽️

Men sa pa t diminye enèji ki te genyen nan World Cup Watch Party nou an ditou! Se te yon bèl moman pou nou reyini kòm yon kominote, selebre fòs jwèt la, ankouraje Ayiti, epi sipòte elèv Summits yo 🎉🙌🏾

Yon gwo mèsi pou patnè kominotè nou yo, ak , ki te ede fè sware a tèlman espesyal ❤️

Pwochen arè a: Philadelphia 🔥🔥

Who’s ready to cheer for Haiti? 🇭🇹⚽️🔥Join us on Saturday, June 13  for an unforgettable evening of soccer, community, an...
06/05/2026

Who’s ready to cheer for Haiti? 🇭🇹⚽️🔥

Join us on Saturday, June 13 for an unforgettable evening of soccer, community, and celebration! Together, we’ll support Summits schools, and celebrate the power of play🤸🏽‍♂️⛹🏾‍♀️🤾🏾‍♀️

Expect great company, fun surprises, and plenty of energy for this historic match ✨ 🙌🏽❤️

🎟️ Admission is FREE, but seats are limited—reserve your spot today to guarantee your seat!

🔗 Sign up at the link in bio.

Kiyès ki pare pou ankouraje Ayiti? 🇭🇹⚽️🔥

Vin jwenn nou samdi 13 jen pou yon sware foutbòl, kominote, ak selebrasyon ou pap janm bliye! Ansanm, n ap sipòte lekòl Summits yo epi selebre fòs ak lajwa jwèt la. 🤸🏽‍♂️⛹🏾‍♀️🤾🏾‍♀️

Atann ou ak bon konpayi, bèl sipriz, ak anpil anbyans pou match istorik sa a! ✨🙌🏽❤️

🎟️ Antre a GRATIS, men plas yo limite—rezève plas pa w jodi a pou garanti chèz ou!

🔗 Enskri atravè lyen ki nan bio a.

Haiti grows more than 150 varieties of mangoes, but the beloved Mango Francique is the true star 🥭  Sweet, juicy, and fu...
05/29/2026

Haiti grows more than 150 varieties of mangoes, but the beloved Mango Francique is the true star 🥭 Sweet, juicy, and full of flavor, it’s Haiti’s national fruit tree and one of the country’s biggest agricultural exports ☀️

More than just a fruit, mangoes are part of Haiti’s culture, family traditions, and favorite recipes 🧡 One of our favorites is homemade mango sorbet 🍨

Find the recipe at the link in our bio 🇭🇹

Ayiti pwodui plis pase 150 varyete mango, men Mango Fransik la se vrè zetwal la 🥭. Dous, plen ji, epi chaje ak bon gou, li se fwi nasyonal Ayiti epi youn nan pi gwo pwodui agrikòl peyi a ekspòte. ☀️

Mango pa sèlman yon fwi, li fè pati kilti Ayiti, tradisyon fanmi yo, ak resèt nou pi renmen yo. 🧡 Youn nan resèt nou pi renmen se “sòbè mango” ki fèt lakay. 🍨

Jwenn resèt la nan lyen ki nan biyografi nou an 🇭🇹

At Summits Education, our vision reaches far beyond the classroom. We build strong foundations from Pre-K through 9th gr...
04/30/2026

At Summits Education, our vision reaches far beyond the classroom. We build strong foundations from Pre-K through 9th grade—and continue the journey through our scholarship program, ensuring Haiti’s brightest young minds have the support to help shape the country’s future.

Meet Stéphanie Sophie Louis (Cohort 2020). Born in Port-au-Prince and educated in local schools across Haiti’s Central Plateau, Stéphanie is a testament to the power of our mission to provide comprehensive support to the youth of Haiti. Her path has taken her from student in rural Haiti to national leader as President of the Youth Government of Haiti. She has met prime ministers and represented the promise of Haitian diplomacy on the global stage at the International UN Simulation in Dubai.

Stéphanie’s story shows what is possible when we invest in rural education and follow through with mentorship, opportunity, and scholarships. We don’t just educate students— we help develop the future leaders of a nation.

Support the journey. Support the future.


Nan Summits Education, vizyon nou ale pi lwen pase sal klas la. Nou bati fondasyon solid depi Preskolè rive nan 9yèm ane, epi nou kontinye vwayaj la atravè pwogram bous etid nou an, pou asire jèn lespri ki pi briyan Ayiti yo jwenn sipò yo bezwen pou ede fòme avni peyi a.

Rankontre Stéphanie Sophie Louis (Kowòt 2020). Li fèt Pòtoprens e li te edike nan lekòl lokal atravè Plato Santral Ayiti. Stéphanie se yon temwayaj vivan sou fòs misyon nou an genyen pou bay jèn Ayiti yo yon sipò konplè. Pakou li pran l, soti ak li nan kategori elèv zòn riral Ayiti pou mennen li kòm lidè nasyonal, nan pozisyon Prezidan Gouvènman Jenès Ayiti. Kòm jèn lidè, li deja rankontre premye minis Ayiti epi reprezante espwa diplomasi ayisyen an sou sèn entènasyonal la nan Similasyon Nasyonzini nan peyi Doubay.

Istwa Stéphanie montre sa ki posib lè nou envesti nan edikasyon nan milye riral, kontinye ak menntora, epi bay opòtinite bous etid. Nou pa sèlman edike elèv yo, men nou ede devlope fiti lidè yon nasyon.

Sipòte vwayaj la. Sipòte lavni an.

04/22/2026

Introducing the PLAY YOUR WAY video campaign! Show us how you like to play and you could be featured in our Summits Highlights Reel ⚽️🥎🥏🏓🪁⛳️🏸
See link in bio

Entwodui kanpay videyo "PLAY YOUR WAY" la montre nou kijan ou renmen jwe, epi ou ka parèt nan rezime videyo Summits nou yo ⚽️🥎🥏🏓🪁⛳️🏸
Gade lyen ki nan biyografi a

In honor of World Health Day, we’re celebrating our incredible team of nurses — a vital part of the Summits community 💛T...
04/07/2026

In honor of World Health Day, we’re celebrating our incredible team of nurses — a vital part of the Summits community 💛

Traveling between schools, they provide regular wellness checks, healthcare, and critical interventions for students who need it most.

Because at Summits, we know that learning doesn’t happen without good health. Supporting the whole child means ensuring every student is healthy, cared for, and ready to thrive.


Nan okazyon Jounen Mondyal Lasante a, n ap selebre ekip enfimyè ekstraòdinè nou yo — yon pati esansyèl nan gran kominote Summits la 💛

Pandan y ap mache ant diferan lekòl yo, yo fè konsiltasyon regilye sou byennèt, swen sante, epi fè entèvansyon enpòtan pou elèv ki plis nan bezwen yo.

Paske nan Summits, nou konnen aprantisaj pa ka fèt san bon sante. Sipòte tout timoun yo vle di asire chak elèv an sante, byen pran swen, epi pare pou reyisi.

Address

800 Boylston Street Suite 300
Boston, MA
02199

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Summits Education posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Organization

Send a message to Summits Education:

Shortcuts

Sponsored

Share