BSAP Dondon

BSAP Dondon Surveiller et Défendre

BSAP Dondon An Aksyon pou Pwòpte ak Devlòpman Kominote a  Brigad de Sekirite ak Pwoteksyon Anviwònman (BSAP) kontinye mo...
29/11/2025

BSAP Dondon An Aksyon pou Pwòpte ak Devlòpman Kominote a

Brigad de Sekirite ak Pwoteksyon Anviwònman (BSAP) kontinye montre angajman li anvè komin Dondon. Sou inisyativ Kòdonatè Kominal Jean Rony Desamours, plizyè gad te mobilize jodi a pou yon operasyon netwayaj sou teren an.

Aksyon sa te jwenn soutyen solid dyaspora a, patikilyèman Mesye Antoine Ménard, rele Ti Antoine, ki mete men nan inisyativ la pou fè komin nan pi pwòp.

Jès sa a se yon prèv vivan ke dyaspora pa janm sispann renmen Dondon, epi li kontinye ankouraje ak sipòte efò BSAP pou lòd, sekirite, ak byennèt kominote a.

Viv solidarite! Viv BSAP! Viv Dyaspora Dondonèz!

Selil kominikasyon BSAP DONDON

Pa gen mo, mèsi pa sifi 🙏
26/11/2025

Pa gen mo, mèsi pa sifi 🙏

Nou remèsye Òganizasyon DAT (Dondon Avant Tout) pou bèl jès solidarite yo fè an favè BSAP DONDON, atravè don yon motosik...
26/11/2025

Nou remèsye Òganizasyon DAT (Dondon Avant Tout) pou bèl jès solidarite yo fè an favè BSAP DONDON, atravè don yon motosiklèt ki pral sèvi pou rann entèvansyon nou yo pi rapid, pi efikas, ak pi estriktire.

Jès sa montre ke genyen moun nan kominote a ki konprann nesesite pou sipòte efò sekirite ak pwoteksyon anviwònman an.

Misyon BSAP rete klè:
- Pwoteje patrimwàn natirèl, istorik, ak touristik Dondon.
- Ede otorite lokal yo mete lòd ak sekirite kote sa nesesè.

Nan non mwen Jean Rony Desamours, kòm Kòdonatè BSAP DONDON, mwen remèsye tout manm DAT, espesyalman komite egzekitif la, pou angajman yo pran pou kominote a.

Nou pwomèt pou mete motosiklèt la o sèvis popilasyon an, epi kontinye fè travay ki merite konfyans kominote a.

Selil kominikasyon BSAP DONDON

✊AYIBOBO POU AJAN BSAP DONDON!BSAP DONDON voye yon gwo kout ayibobo bay tout ajan li yo ki te fè yon travay nòb ak pwofe...
13/11/2025

✊AYIBOBO POU AJAN BSAP DONDON!

BSAP DONDON voye yon gwo kout ayibobo bay tout ajan li yo ki te fè yon travay nòb ak pwofesyonalis pandan fèt Sen Maten Dondon.

Popilasyon an te selebre san perèz, san vyolans, san okenn pèd lavi. Sa se rezilta angajman nou, disiplin nou, ak lespri sèvis ki anime chak manm BSAP.

Nou felisite tou tout sitwayen ki te wè nesesite pou mete tèt ansanm pou devlopman kominote a.

BSAP DONDON ap toujou kanpe bò kote pèp la, pou sekirite, lapè, ak pwogrè.

Viv Dondon!
Viv BSAP!

Selil kominikasyon BSAP DONDON

📢 BÒN NOUVÈL ! BSAP Dondon fè gran retou nan sèvis li !Apre plizyè semèn absans kote popilasyon dondonèz la tap sibi zak...
09/11/2025

📢 BÒN NOUVÈL !
BSAP Dondon fè gran retou nan sèvis li !

Apre plizyè semèn absans kote popilasyon dondonèz la tap sibi zak malonèt tankou kase biznis, zak banditis ak lòt fòm ensekirite, Brigade de Sécurité des Aires Protégées (BSAP) reprann kontwòl zòn nan.

Nan lavèy fèt Sen Maten, ajan BSAP yo te mobilize ak efikasite. Plizyè patwouy ak tchek-pwen te reyalize nan tout vil la pou garanti sekirite ak lòd. Bilan operasyon an: yon endividi arete.

Retou sa a fèt sou direksyon Kòdonatè Kominal la, Jean Rony Desamours, ki mete aksan sou vijilans, disiplin, ak sèvis bay kominote a.

👮‍♂️ BSAP ap rete aktif pou pwoteje espas natirèl yo epi garanti sekirite chak sitwayen.

Dondon merite sekirite. Dondon merite lapaix.
Viv BSAP !

BSAP Dondon selil Kominikasyon .

La Brigade de Surveillance des aires protégées (BSAP Dondon) salue avec respect et recueillement le départ d’un monument...
10/10/2025

La Brigade de Surveillance des aires protégées (BSAP Dondon) salue avec respect et recueillement le départ d’un monument de l’éducation, Maître Didier Jean Cothière, qui nous a devancés.

Son engagement inlassable envers l’instruction, sa discipline exemplaire, et sa passion pour la jeunesse ont profondément marqué plusieurs générations d’élèves et toute la communauté dondonnaise.

Son départ laisse un vide immense, mais aussi une trace indélébile dans la mémoire collective de ceux et celles qu’il a inspirés, guidés et formés.

Nous adressons nos plus sincères condoléances à sa famille, à ses proches, à ses anciens collègues et à tous les élèves qu’il a touchés par sa rigueur et sa bienveillance.

Que son âme repose en paix, dans l’espérance du grand jugement de notre Dieu, et que son exemple continue d’éclairer le chemin de l’éducation à Dondon et au-delà.

BSAP Dondon
« Disiplin – Responsablite – Angajman »

Cellule de Communication de la BSAP Dondon

BSAP Dondon — Angajman pou Pwòpte ak RespèAswè a, an preparasyon pou mach ki pwograme vandredi 10 oktòb 2025 nan memwa M...
10/10/2025

BSAP Dondon — Angajman pou Pwòpte ak Respè

Aswè a, an preparasyon pou mach ki pwograme vandredi 10 oktòb 2025 nan memwa Maître Jean Cothière, BSAP lanse yon operasyon netwayaj jeneral nan tout vil la. Se pa sèlman yon jès senbòl, men yon mesaj klè : Dondon merite respè, epi respè sa a kòmanse ak pwòpte.

Aksyon sa a mete aksan sou angajman BSAP pou mennen komin nan sou chimen lòd, disiplin, epi diyite, sitou nan moman kote nou tout ap sonje lavi ak travay yon gwo pedagòg ki te kwè nan valè sa yo.

Nou lanse apèl bay tout sitwayen pou jwe wòl pa yo nan kenbe vil la bèl, paske se ansanm nou ka bati yon Dondon nou fyè de li.

Selil kominikasyon BSAP Dondon

Lamèri Dondon, BSAP ak OPODNO mete tèt ansanm pou netwaye Mache Piblik la  29 Septanm 2025 Jodi lendi 29 septanm 2025 la...
29/09/2025

Lamèri Dondon, BSAP ak OPODNO mete tèt ansanm pou netwaye Mache Piblik la
29 Septanm 2025

Jodi lendi 29 septanm 2025 la, Lamèri Dondon, ansanm ak Brigad Sekirite Zòn Pwoteje yo (BSAP) ak Òganizasyon OPODNO, lanse yon gwo jounen netwayaj nan Mache Piblik Dondon an. Inisyativ sa a se yon egzanp solid sou kòlaborasyon ant enstitisyon piblik ak òganizasyon lokal yo pou amelyore kondisyon lavi kominote a.

Depi kèk tan, Lamèri a ap fè machann yo peye yon frè chak samdi. Daprè youn nan responsab yo, frè sa yo pat fèt pou mete presyon sou pèp la, men pito pou finanse netwayaj, antretyen, ak amelyorasyon enfrastrikti nan zòn mache a.

Jodi a, plis pase 60 moun te mobilize pou mete men nan netwayaj sa a. Ajan BSAP, volontè OPODNO, ajan minisipal, ak lòt sitwayen angaje te prezan pou mete lari yo pwòp epi fè mache a vin pi bèl ak pi salib pou tout moun.

Lamèri Dondon, BSAP ak OPODNO ap mande tout popilasyon an pou kolabore, jete fatra nan bon kote, pa sal anviwònman an epi kontinye soutni efò sa yo. Yo pran angajman pou kontinye bay sèvis, men sa pap posib san patisipasyon chak sitwayen.

Ann mete tèt nou ansanm pou Dondon pi pwòp, pi bèl, pi solid.

Selil kominikasyon BSAP Dondon

📢 Kominike B.S.A.P Dondon Nou salye popilasyon dondonèz la, ki yon fwa ankò montre konfyans yo nan travay BSAP ap fè nan...
21/09/2025

📢 Kominike B.S.A.P Dondon
Nou salye popilasyon dondonèz la, ki yon fwa ankò montre konfyans yo nan travay BSAP ap fè nan kominote a.

Jodi a, nou pran lapawòl pou n mete limyè sou kèk konfizyon ki parèt nan espas piblik la, espesyalman konsènan frè moun ap peye nan mache chak samdi yo.

Konsènan frè yo:
Nap fè tout moun konnen se Lamèri Dondon ki pran inisyativ sa, e se li menm sèlman ki gen dwa legal pou jere frè ak aksè nan mache lokal yo.
BSAP la sèlman pou yon prezans sekiritè nan espas la, evite dezòd, epi asire tout moun jere aktivite yo san vyolans. Nou pa angaje nan touche lajan nan men pèsonn.

BSAP rete fidèl ak misyon li ki se:
✔️ Pwoteksyon anviwònman
✔️ Sekirize espas piblik ak sit istorik, touristik yo
✔️ Sipòte otorite lokal yo nan kad lalwa

Nou ankouraje tout sitwayen kontinye poze kesyon, mande verite, epi evite pale san bon sous. Nou la pou sèvi, pa pou fè konfizyon.

Viv Dondon!
Viv BSAP!
Viv kolaborasyon ant enstitisyon yo !

Selil kominikasyon BSAP Dondon

Adresse

Centre Ville
Dondon

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque BSAP Dondon publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager