08/03/2026
🟢 RAPÒ REFLEKSYON – VANDREDI 6 MAS 2026
Tèm : Gwosès Bonè lakay Jèn Fi yo – Ki avni pou kominote a?
Bonswa fanmi MOUJADD 👋🏾
Vandredi ki sot pase a, sou platfòm WhatsApp MOUJADD, nou te anime moman refleksyon nou an (chak vandredi de 7è a 9è PM) sou kestyon gwosès bonè lakay jèn fi yo nan kominote a. Diskisyon an te pèmèt manm yo analize kèk faktè ki favorize fenomèn sa a, ansanm ak aksyon kominotè ki kapab ede pwoteje ak ankouraje avni jèn fi yo.
🔎 Prezantasyon sijè a
Nan plizyè kominote, espesyalman nan mitan jèn yo, nou konstate yon ogmantasyon nan ka gwosès bonè lakay jèn fi ki ta dwe kontinye etid yo pou prepare avni yo.
Sitiyasyon sa a souvan pote plizyè konsekans :
• abandon lekòl
• difikilte ekonomik
• mank opòtinite pou devlopman pèsonèl
Refleksyon an te envite manm yo gade kestyon sa a ak anpil responsablite, paske avni jèn fi yo gen gwo enpak sou avni kominote a.
🔎 Twa (3) kestyon ouvè ki te poze yo :
1️⃣ Ki faktè ki, dapre nou, favorize gwosès bonè lakay jèn fi nan kominote a ?
2️⃣ Ki aksyon kominotè nou ka pran pou pwoteje, akonpaye epi bay plis opòtinite ak jèn fi yo ?
3️⃣ Kijan paran, lekòl, legliz ak òganizasyon tankou MOUJADD ka jwe yon wòl prevantif ?
📌 Repons ki sòti nan kestyon 1 an : Faktè ki favorize gwosès bonè
Manm yo idantifye plizyè faktè enpòtan :
• Mank edikasyon ak enfòmasyon sou responsabilite ak konsekans relasyon bonè
• Mank dyalòg ak ankadreman nan fanmi yo
• Presyon sosyal ak enfliyans zanmi
• Povrete ak difikilte ekonomik ki rann kèk jèn fi vilnerab
• Mank aktivite edikatif ak opòtinite pou jèn yo devlope kapasite yo
• Mank oryantasyon ak vizyon sou avni yo
• Ka abi oswa eksplwatasyon seksyèl nan kèk sitiyasyon
Refleksyon yo montre klèman ke pwoblèm nan pa sèlman kestyon jèn fi yo, men li gen rapò ak anviwònman sosyal, ekonomik ak edikatif la.
📌 Repons ki sòti nan kestyon 2 a : Aksyon kominotè ki ka ede
Plizyè pwopozisyon te sòti nan diskisyon an :
🔹 Òganize sesyon sansibilizasyon pou jèn yo sou responsabilite ak plan lavi
🔹 Kreye klèb jèn fi pou devlope konfyans nan tèt yo ak lidèchip
🔹 Mete espas etid ak aktivite edikatif pou jèn yo
🔹 Ankouraje fòmasyon pwofesyonèl pou ogmante opòtinite ekonomik yo
🔹 Devlope pwogram mentorat kote fanm ki gen eksperyans ka akonpaye jèn fi yo
📌 Repons ki sòti nan kestyon 3 a : Wòl enstitisyon yo
Manm yo mete aksan sou nesesite pou kolaborasyon ant plizyè aktè :
👨👩👧 Paran yo dwe ankouraje plis dyalòg, siveyans ak konfyans ak pitit yo
🏫 Lekòl yo dwe ranfòse edikasyon sou responsabilite lavi ak oryantasyon pèsonèl
⛪ Legliz yo kapab ankouraje valè disiplin, respè tèt nou ak responsabilite
🤝 Òganizasyon kominotè yo, tankou MOUJADD, ka òganize fòmasyon, diskisyon ak aktivite prevantif pou jèn yo
🔥 Konklizyon – Yon responsablite kolektif
Refleksyon an fè nou konprann ke pwoteje jèn fi yo se pwoteje avni kominote a.
Lè nou bay jèn yo bon jan edikasyon, ankadreman ak opòtinite, nou ede yo devlope kapasite yo epi bati yon avni miyò pou Dondon.
Chanjman mande angajman tout moun : fanmi, lekòl, legliz, òganizasyon ak tout manm kominote a.
📣 Envitasyon – Kontinye refleksyon an
Nou envite tout manm yo kontinye patisipe nan moman refleksyon chak vandredi sou platfòm WhatsApp MOUJADD la.
Se ansanm n ap reflechi, aprann epi chèche solisyon pou devlopman kominote nou an. 💚
📣 Envitasyon espesyal – Gwoup WhatsApp MOUJADD
Pou ranfòse refleksyon kolektif ak patisipasyon kominotè, nou envite tout moun ki poko nan gwoup WhatsApp MOUJADD la pou vin entegre espas diskisyon sa a.
Nan gwoup la nou :
🤝 Pataje ide
🧠 Analize pwoblèm kominotè
🌱 Reflechi sou solisyon dirab
👥 Bay jenès la plis vwa
👉 Antre nan gwoup la atravè lyen sa a :
https://chat.whatsapp.com/E6nPTb8mUWQ3hBEkNiyOyY
Avni Dondon se zafè nou tout. Patisipasyon w konte. Vwa w enpòtan! 💚
—
Jacquelin PIERRE
Prezidan Konsèy Administrasyon
MOUJADD