07/23/2026
DELMAS 73 | Inogirasyon ofisyèl biwo Pati Politik VAR anba lidèchip Wilson Jeudy
Delmas 73, Mèkredi 22 Jiyè 2026 – Pati Politik VAR (Vizyon, Aksyon, Reyalizasyon) franchi yon nouvo etap nan devlopman li avèk inogirasyon ofisyèl biwo santral li nan Delmas 73. Aktivite a te rasanble manm Direksyon Nasyonal la, militan, senpatizan, reprezantan laprès ak plizyè envite.
Seremoni an te dewoule nan yon atmosfè disipline, respè ak angajman. Depi nan kòmansman an, envite yo te pran plas yo pandan mèt seremoni an te prezante objektif jounen an ansanm ak enpòtans nouvo biwo sa a pou ranfòse estrikti ak òganizasyon Pati Politik VAR.
Pwen fò aktivite a se te diskou Prezidan Pati VAR la, Wilson Jeudy, ki te adrese asistans lan sou vizyon ak oryantasyon politik pati a. Nan entèvansyon li, li te mete aksan sou nesesite pou mobilize tout fòs viv nasyon an pou konstwi yon Ayiti ki chita sou bon jan gouvènans, transparans, patisipasyon sitwayen yo ak devlopman dirab. Li te lanse tou yon apèl pou inite, disiplin ak angajman tout manm ak senpatizan yo nan batay pou chanjman.
Apre diskou ofisyèl la, patisipan yo te kontinye echanje sou objektif ak estrateji Pati VAR, pandan plizyè reprezantan medya te reyalize entèvyou ak responsab ak envite ki te prezan. Nouvo lokal la, ki pote koulè ak senbòl pati a, pral sèvi kòm yon espas pou kowòdinasyon, planifikasyon ak devlopman aktivite politik òganizasyon an.
Inogirasyon sa a make yon etap enpòtan nan ranfòsman estrikti Pati Politik VAR, ki kontinye afime volonte li pou òganize baz li yo epi elaji prezans li sou tout teritwa nasyonal la.
Par : Frantz Philippe Excellent
Foto : Frantz Philippe Excellent | Radio Télé Unique (RTU)