11/23/2025
YON REMÈSIMAN ESPESYAL AK TOUT MOUN KI TE SIPÒTE PWOJÈ EDIKASYON LABALEINE 2025–2026 LAN !
Chè zanmi nou yo, fanmi Labaleine, ak Dyaspora a,
Nou vle pran yon ti moman pou di w yon GWO mèsi pou tout sipò, tout jès, tout lanmou nou te resevwa pou pwojè edikasyon an pou ane akademik 2025-2026 lan.
Aprè nou te fin verifye tout kontribisyon yo, nou kontan di nou sa ak kè kontan :
👉" Nou depase sa nou te prevwa "
Nan lekòl Fatima de Labaleine : Nou fè yonn bèl transfòmasyon.
Anpil timoun t ap riske kòmanse ane a san liv…
Men gras ak nou, nou achte 45 liv esansyèl pou yo ki koute nou (25,000 Goud).
Nou rekrite yon pwofesè kalifye e ki gen pasyon epi mete yon ogmantasyon sou salè li a $1,300 (6,500 GDES) pa mwa paske lè yon pwofesè santi li respekte sa ede nan estim e nan aprantisaj timoun nou yo.
Epi 22 timoun te resevwa yon sipò espesyal $150 chak pou lòt materyèl ki esansyèl pou ane lekòl lan. (3,300 dola/ 16,500 goud total).
Nou kwè ke sa ki fèt lan pote gwo chanjman nan kominote an, pake se lavni timoun nou yo nou nou ap ankadre.
Depans total pou ane akademik 2025–2026 la : 273,500 Goud
- Institution Mixte de Labaleine : 155,000 Goud
- École Fatima de Labaleine : 100,000 Goud
- Institution Mixte Éphata (Fond-des-Blancs) : 18,500 Goud
Nou vle fè w konnen ke chak santim nou te kontribiye se yon envestisman pou demen, pou lavni, pou Labaleine e pou AYITI cheri nou an.
Men nan men, nap vanse ansanm pou yon lòt kominote, pou yon lòt peyi ki gen respè ak lanmou.
Avèk anpil respè!
komite RDL❤️🇭🇹🫂