12/29/2023
💡Nan pwezi, ou ka plonje nan yon maryaj ant reyalite ak imajinasyon. Maryaj sila a ka plonje w nan yon eksplorasyon ki depase inivè ki abite lespri w. Chak kout plim powèt la, se yon rèl, se yon souri, se yon anvi oubyen yon ogasm lanati kominike sou fòm pawòl nan yon lespri kreyatif.
Avan w antre nan 2024, la, vin plonje nan inivè jèn powèt sa a ki se Stephanie Madjiny Vital Se meyè fason pou tranzite de reyalite ak imajinasyon, men tou, pou anbrase yon inivè ki ranpli ak etonman.
FOPAAC ankouraje w vin ankouraje jèn ekriven nou nan Floride a travè ouvraj li ki titre Tranzit jou kap 30 desanm 2023 a.
Yon bèl moman, kote wap gen chans pou pale ak ekriven an, pran foto ak swiv deba sou liv la.
Randevou a kase nan Kalalou Signature ki chita kò l nan 4904 S Kirkman Rd Orlando Fl, 32811 soti 4è pou rive 7è.
Adler Saturne Stan LouisStéphanie M. VitalDouvanjou Web Media Joanel DorcentConsulat d'Haiti à OrlandoJacques Adler Jean Pierre Mydna ST Cima