paptrans

paptrans PAPTRANS SE YON ÒGANIZASYON KI TRAVAY NAN 3 AKS 1)FÒMASYON
2) Paptrans ANF ki Travay nan fè ( DON)
3) PAPTRANS CFH
(Depatman Kiltirèl)

Yon gwo bonswa pou chak konpatriyòt k'ap li ak gade pòs saa!!!PAPTRANS: PATAJE  POU TRANSFÒME.NAN  BATAY KONT DELEKANS J...
07/22/2025

Yon gwo bonswa pou chak konpatriyòt k'ap li ak gade pòs saa!!!

PAPTRANS: PATAJE POU TRANSFÒME.

NAN BATAY KONT DELEKANS JIVENIL AN AYITI...PAPTRANS POTE KOLE JAN'L KAPAB AK FÈB MWAYEN'L GENYEN NAN EDE JÈN FI AK JÈN GASON ,JWENN BOUS AK DEMI BOUS, BA YO FÒMASYON K'AP ITIL YO...NAN KAD PATENARYA PAPTRANS FÈ AK WE "TRUST PROFESIONNAL SCHOOL" POU APRANN JÈN SA YO METYE TANKOU :
KONSMETOLOJI
DEKORASYON EVÈMANSYÈL
TEKNIK WINDOWS
ELEKTRISITE BATIMAN
KARELAJ
KOUTI SENP
ELATRIYE

NAN JOU KITE DAT 20 JWEN AN, NOU RIVE ONORE 20 JÈN...AK PLIS PASE 50 PAPTRANS TE BAY FÒMASYON NAN "ANTREPRENERYA, SÉRIGRAFI,SEKOURIS "N'AP DI ANPIL MÈSI AK JÈN SA YO KITE PROFITE DE PROGRAMM NAN EPI TOU KITE KENBE LA POU YO TE APRANN METYE A...MÈSI
MÈSI AK CHAK GRENN MOUN KI TE DAKO POU KOLABORE AVÈK PAPTRANS POU'N TE EDE JÈN SA YO...
MÈSI AK OU MENM TOU KI PAT GENYEN POU TE KOLABORE AVEK PAPTRANS AK LAJAN MEN KITE ANKOURAJE PAPTRANS NAN TRAVAY LAP FÈ A.

PAPTRANS GENYEN 30 JÈN KI NAN LAJ 18 A 35 Y'AP BAY FÒMASYON NAN "SECOURISME" PANPAN 3 MWA:
KOTE GEN 3 PROFESÈ AVEK YO
TANKOU:
1)FIZYO-TERAPET:
PREMYE BAZ FIZYOTERAPI.
2) YON DOKTÈ:
Premye BAZ NAN ENFIMYÈ
3) SEKOURIS NIVO NÒMAL

Alò ou menm k'ap viv kelkeswa kote a...depiw se AYISYEN OU RENMEN TRAVAY PAPTRANS AP FÈ EDE NOU JWENN (KÒB,MATERYÈL,ASITANS SOSYAL POU'N KAPAB REYALIZE PROJÈ SA SVP...JÈN YO LA DEJA SE MWAYEN NOU BEZWEN POU PEYE PÈSONÈL YO...
AK MATERYÈL N'AP BEZWEN SVP....SIW TA RENMEN GENYEN PLIS DETAY DE NOU...PRIVE NOU SVP...MÈSI....

KÒDONATÈ
JUDE ERVELUS
Tél:+5094754-9086

Bonswa konpatriyòt !Nan jou kite 11 ak 12 jiyè a,,ÒGANIZASYON PAPTRANS TE reyalize yon bèl fòmasyon sou Sekouris  avèk y...
07/16/2025

Bonswa konpatriyòt !
Nan jou kite 11 ak 12 jiyè a,,
ÒGANIZASYON PAPTRANS TE reyalize yon bèl fòmasyon sou Sekouris avèk yon 10zèn de Jèn ..pou aprann yo sovi mounki nan sitiyasyon difisilpou li montre yo, enpòtans ki genyen lè yon jèn konesans sou diferan domèn k'ap itil kominote a....
Alò foto sa yo se souvni nou.

PAPTRANS :partager pour transformer!!!

Si tout fwa ou ta renmen nou ede plis
Jèn nan kapab travay n'ap fè a pou'n sove plis jèn di se sove peyi nou...pou pita p pi tris.. ou ka prive nou pou pote èd ou vè nou n'ap kontan diw mèsi !!!

salut tout le monde!!La nécessité pour savoir comment sauver des vies,et aussi devenir un *Secouriste*PAPTRANS: partager...
07/06/2025

salut tout le monde!!
La nécessité pour savoir comment sauver des vies,et aussi devenir un *Secouriste*

PAPTRANS: partager pour transformer.

Il est crucial d'étudier le secourisme car cela permet de sauver des vies, de réduire les conséquences d'un accident et d'agir efficacement en cas d'urgence. La formation aux premiers secours enseigne les gestes essentiels pour faire face à des situations critiques comme les hémorragies, les fractures, les arrêts cardiaques, etc., avant l'arrivée des secours professionnels.

Tout le monde doit être là,
dans cette formation qui organisera pour vous!!🍾🍾🍾

07/03/2025

Bonjou, Bonswa konpatriyòt !
Koman nou ye?

Bon lajounen avèk Jezi!!!!

07/02/2025
Bonjou,bonswa konpatriyòt yo!!Koman nou ye?Gen kèk  jou nou pat pote anyen  pou  nou ,men  sa pa vle  di nou pa tap trav...
07/02/2025

Bonjou,bonswa konpatriyòt yo!!
Koman nou ye?
Gen kèk jou nou pat pote anyen pou nou ,men sa pa vle di nou pa tap travay!

Nan dat kite 21 ak 22 jwen an,nou te reyalize 2 jounen fòmasyon ak JÈN nou yo.

Premye jou a nou ye genyen yon bèl seyans se te ANTREPRENERYA dezyèm jou à se te SSERIGRAFI...SE TE YON BÈL ESPERYANS SA TE YE....ANSWIV KÈK TI BAGAY AVÈK NOU....PAPTRANS :PARTAGER POUR TRANSFORMER.

06/08/2025
Bonjou,bonswa *Haytien* konpatriyòt koman nou ye?Mèsi pou titan'w pra'l pran pour kapab li tèks la,déjà mèsi anko!! Fòma...
06/04/2025

Bonjou,bonswa *Haytien* konpatriyòt koman nou ye?
Mèsi pou titan'w pra'l pran pour kapab li tèks la,déjà mèsi anko!!

Fòmasyon sa ap fèt nan objectif pou kolekte fon pou voye 10 jèn ki pa gen mwayen pou aprann metye profesyonèl,ann kolezepòl pou sove jèn nou yo.
Pandan n'ap pataje pou transfòme pou'n genyen nouvo Antreprenè ak siksè.

ÒGANIZASYON PAPTRANS; (Pataje pou Transfòme), adrese lèt saa ak chak grenn Ayisyen ki kwè nan Fòmasyon AK Edikasyon, ki ...
05/29/2025

ÒGANIZASYON PAPTRANS;
(Pataje pou Transfòme),
adrese lèt saa ak chak grenn Ayisyen ki kwè nan Fòmasyon AK Edikasyon, ki kwè nan Pataje.

Demann asistans finansye

Mwen pran swen kontakte w jodi a nan non PAPTRANS (Pataje pou Transfòme), ki se yon òganizasyon sosyal ak kiltirèl, rekonèt kòm yon enstitisyon ki itil piblik la, ki gen pou misyon ede moun ki pi vilnerab yo aprann yon metye pou ede konbat delenkans lakay jèn yo.

Nan kad pwojè nou yo, òganizasyon an prevwa reyalize de sesyon fòmasyon jou k ap 21 ak 22 jen 2025 sou antreprenarya ak serigrafi, ki pote tèm :
"Jèn yo, oze kreye opòtinite nan moman difisil !"

Se ak anpil respè nou voye lèt sa a pou mande sipò w, swa an lajan oswa an materyèl, pou pèmèt nou mete pwojè sa sou pye, paske li se yon inisyativ ki vreman chè pou nou.

Pou plis detay, nou voye ansanm ak lèt sa a, dokiman ki esplike pwojè a an detay. Nou disponib tou pou nenpòt randevou oswa rankont ou ta renmen pran pou diskite sou demann sa a.

Anvan menm nou resevwa repons ou, nou remèsye w davans pou enterè w ap pote pou demach nou an. Nan tan sa a n ap tann, nou swete w resevwa mesaj la.

paptrans

Address

47 Hoosier Drive
North Vernon, IN
47265

Opening Hours

Monday 9am - 5pm
Tuesday 9am - 5pm
Wednesday 9am - 5pm
Thursday 9am - 5pm
Friday 9am - 5pm

Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when paptrans posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Share