01/01/2023
Ann Pale Fanmi vle di bon konba ak anpil kouraj pou frè ak sè nou ki ap viv patou nan mond lan, sitou sa ki an Ayiti yo.
Lavi pa fasil, li pat fasil e li pap janm fasil. Men nou ka fè li amizan, nan ede youn lòt reyalize rèv li. Nan dyaloge pou n konstwi tèt nou chak jou. Nan sipòte sa ki pozitif tankou BIZNIS, EDIKASYON ak VIV AN KOMINOTE. Wi, nou kwè li posib pou Ayiti fleri, men fòk chak grenn nan dakò pou nou kòmanse ak netwaye lepri nou, mantalite nou, aksyon nou kòm moun e sitwayen.
Se pou tèt sa nou kreye yon Podcast ki rele Ann Pale Fanmi Podcast, pou bwase li, chèche konprann pi bon mwayen pou nou viv pi Byen.
Klike sou lyen sa pou w kontribye nan avansman kominote a. https://www.buzzsprout.com/2101038/episodes/11956040
Mèsi deja. Bòn Ane 2023, e bòn fèt endepandans 🇭🇹.