Eritaj Kilti Kreyòl

Eritaj Kilti Kreyòl Fè pwomosyon pou lang ak kilti kreyòl,
mete tout atis, ekriven k ap pwodwi sou menm pye egalite.

📢 KAFou KILTI ap prezante 🎙️✨🎤 Envite espesyal: Kamaylie Ajalon📅 15 Fevriye 2026🕖 7:00 PM nan aswè📍 LIVE sou Facebook & ...
02/14/2026

📢 KAFou KILTI ap prezante 🎙️✨
🎤 Envite espesyal: Kamaylie Ajalon
📅 15 Fevriye 2026
🕖 7:00 PM nan aswè
📍 LIVE sou Facebook & YouTube
🎥 Eritaj Kilti Kreyòl la
Vini dekouvri istwa yon jèn atis ki gen yon vwa ekstrawòdinè, k ap monte ak anpil detèminasyon. 🇭🇹🔥🎶
👉 Like • Share • Subscribe
📌 Pa rate randevou sa!

01/08/2026
Amwalaye Eritye,Jodi a, n ap mete limyè sou youn nan bèl vwa k ap leve sou sèn mizikal Monreyal la, espesyalman nan komi...
12/18/2025

Amwalaye Eritye,

Jodi a, n ap mete limyè sou youn nan bèl vwa k ap leve sou sèn mizikal Monreyal la, espesyalman nan kominote ayisyèn nan. Se yon atis ki pote emosyon, otantisite ak anpil lanmou nan sa l ap fè… Tasha Love.

Tasha Love se yon atis d orijin ayisyèn, ki grandi ak mizik nan kè l. Se nan koral legliz li te fè premye pa li, kote li te devlope vwa li, disiplin li ak sans sèn li. Depi timoun, mizik te deja yon misyon pou li.

An 2019, li lanse karyè pwofesyonèl li ofisyèlman, kote li melanje Gospel, R&B ak Soul, epi li kolabore ak plizyè atis tankou RJ The Mysterious, Psy-M, ak jèn rapè Dodo Mafia. Tasha Love se yon atis ki adapte l fasil, menm nan sitiyasyon difisil oswa pwoblèm teknik, li toujou rete solid sou sèn.

Nan mwa me 2025 sèlman, li te make prezans li nan plizyè gwo evènman Monreyal, tankou levée de fonds Radio Télévision Sacrifice, Oshun Acoustik, ak Soirée Élégance, kote li te konfime estati li kòm yon atis afro-karayibyen k ap monte.

Sa ki fè Tasha Love diferan, se emosyon li transmèt sou sèn. Vwa li dou men pwisan, mesaj li yo sensè, epi prezans li enspire. Li deja gen yon tit sou mache a, “Voici Noël” an kolaborasyon ak Dodo Mafia, ki disponib sou tout platfòm dijital.

Nan yon endistri kote vwa fi yo souvan pa gen ase plas, Tasha Love reprezante yon nouvo jenerasyon fanm ayisyèn k ap leve, k ap pote kilti yo ak fyète. Li pran tan li, li travay ak pasyans, paske pou li, mizik dwe gen sans.

✨ Kenbe non sa nan tèt nou…
Tasha Love, yon vwa pou jodi a, yon avni pou demen.

Amwalaye Eritye,Se ak anpil plezi nou ap resevwa na Kafou Kilti dimanch sa depi l fè 7è boul, yon jèn fanm ki gen yon vw...
12/13/2025

Amwalaye Eritye,

Se ak anpil plezi nou ap resevwa na Kafou Kilti dimanch sa depi l fè 7è boul, yon jèn fanm ki gen yon vwa, yon enèji, ak yon istwa ki touche kè nou. Nou pale de yon atis ki ap fè premye pa ofisyèl li nan endistri mizik la, men ki deja pote talan ak pasyon ak fòs nan tout sa l fè.

Non atis li, se Naïsha Azor.
Naïsha fèt 25 jiyè 1996, li d orijin ayisyèn, li te grandi epi li toujouap viv nan vil Monreyal, Kanada. Mizik te antre nan lavi li depi li te timoun, lè li te konmanse chante nan legliz. Apre kèk tan, pasyon sa a vin tounen yon chemen, yon misyon, e jodi a, se yon pati nan sa ki defini li.

Li soti nan yon fanmi ki plen ak moun kreyatif e ki gen karyè, e se enèji sa ki te fòme fanm fò ak atis pasyone nou genyen devan nou jodi a.

Nou pral dekouvri premye mizik ofisyèl li, yon tit ki rakonte yon istwa reyèl, yon eksperyans pèsonèl ki make li… Mizik sa a rele “Demande-moi pourquoi”, yon mizik ki revele relasyon li te viv ak yon jenn gason ki pa t gen bon entansyon… Men se nan doulè ak verite ke bèl mizik souvan fèt.

Mizik sa a pwodui gras ak kolaborasyon TOPLINE ak Yung Sley, ki se tou de mizisyen pyanis. Videyo a siyen pa talan vizyèl Carlos Guerra ak direksyon kreyatif Bonesvision.

Dat ofisyèl mizik la te sòti se: 29 novanm 2025 a 12 è nan midi.
Ou ka jwenn tout lyen streaming yo isit: linktr.ee/Naishaazor

Pou Naïsha, mizik se libète. Se kreyativite. Lè li vle santi l byen, li chante, li tande mizik, li kite vibrasyon yo mennen li. Mizik se pasyon li, se espas kote li respire.

Tanpri fè anpil bri, anpil lanmou pou premye chante ofisyèl li…
Naïsha Azor – “Demande-moi pourquoi” !

Lizay Eritye! Dimanch sa nou gen yon envite espesyal avèk nou ki gen anpil istwa pou pataje. Se yon fanm ki angaje anpil...
12/06/2025

Lizay Eritye! Dimanch sa nou gen yon envite espesyal avèk nou ki gen anpil istwa pou pataje. Se yon fanm ki angaje anpil nan kominote li e ki te toujou la pou defann dwa moun, espesyalman dwa fanm.

Se ak anpil plezi ke n ap prezante w Marie C. Brunine David. Marie soti Tigwav, Ayiti, e li se pitit fi Maurice David, yon powèt, ekriven, ak dramatij ki trè respekte. Marie se yon powèt ki pratike "spoken word," e li itilize vwa li pou pote mesaj fò sou jistis sosyal, egalite, ak dwa moun.

Li te travay anpil nan peyi l Ayiti nan òganizasyon tankou Misyon Nasyonzini (UN) ak Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal (USAID), kote li te ede nan pwomosyon dwa fanm ak dwa moun. Apresa, li te angaje l nan peyi Etazini, kote li te travay pandan 8 ane nan Poverello Center, yon sant ki bay manje pou moun ki ap viv ak VIH/SIDA. Li te nan Komite Direktè sant la, jiskaske li te jwenn yon dyagnostik kansè nan tete.

Pami lòt eksperyans li, Marie te travay nan Head Start Program nan Broward County Public Schools, kote li te kontribye nan devlopman timoun piti. Li gen yon diplòm Asosye nan Edikasyon Lang Etranjè nan Broward College, epi yon bakaloreya nan Syans Aplike nan Jesyon ak Sipèvizyon.

Dimanch sa depi l fè 7è nan aswè, li ap avèk nou pou pataje eksperyans li, fòs li, ak konesans li. Ann pran yon moman pou tande li, aprann de li, e ankouraje li ansanm!

📣 Kafou Kilti – 16 Novanm 2025Jodi a, nou gen onè pou n resevwa yon jèn fanm k ap make chemen pa li nan kilti, konesans ...
11/12/2025

📣 Kafou Kilti – 16 Novanm 2025

Jodi a, nou gen onè pou n resevwa yon jèn fanm k ap make chemen pa li nan kilti, konesans ak kreyativite.

Envite espesyal nou se :
✨ Irvah Icaëga ISERAËL (Celiva Haïti)

Li se :
🎶 Tanbouyè
📚 Etidyan finisan an Antwopoloji ak Sosyoloji
🧵 Koutiryè
🔥 Manm Jenerasyon Za
🌱 Pitit Gwomòn

Yon vwa, yon fòs, yon prezans ki pote tradisyon, rechèch, ak inovasyon ansanm.
Nan Kafou Kilti, n ap dekouvri istwa li, vizyon li, ak angajman li pou kilti ayisyèn lan.

📆 16 Novanm 2025
⏰ 7h setè lan aswè.

Kafou Kilti kote rasin, memwa ak talan kwaze pou n bati demen.

Address

19 Deepwell Farms Road
New York, NY
10590

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Eritaj Kilti Kreyòl posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Organization

Send a message to Eritaj Kilti Kreyòl:

Share