Apèsi:
Youth Ambassador Program se yon pwogram biwo edikasyon ak zafè kiltirèl depatman leta ameriken an finanse, Global Potential administre li. Pwogram YAP la bati relasyon epi kreye rezo nan mitan 15 jèn lidè ayisyen de laj 15 a 18 ans, fòme jèn yo nan konsèp ak pratik Antreprenarya sosyal; entwodwi jèn lidè yo nan òganizasyon san bi likratif ak ajan chanjman nan peyi Etazini; ak aprann sou f
anmi yo nan etazini, kilti, jewografi, ak reyalite sosyo-ekonomik.
15 patisipan ki seleksyone yo pral Patisipe nan twa faz pwogram nan ki se:
Premye Faz : atelye chak mwa ki baze sou yon kourikoulòm 4-modil nan sèvis kominotè, devlopman lidèchip, edikasyon sivik ak demokrasi patisipatif. Dezyèm Faz ; 3-semèn eksperyans nan peyi Etazini, vizite New York ak Washington D.C .;
Twazyèm Faz , Resevwa sipò endividyèl ak sipò gwoup ak antrenè pandan 7 mwa pou devlope pwojè ki pral fè enpak sou kominote lokal yo, ki baze sou pasyon yo ak kapasite. Ki moun ki elijib pou aplike? depi li rapli tout kondisyon yo, li ka toujou aplike. Nenpòt moun ki gen ant 15 ak 18 lane anvan premye jiyè 2017. Ki gen pèmisyon nan men paran oubyen moun ki responsab li a
Ki se sitwayen ayisyen, ak yon batistè valab
Si aplikan an poko gen yon paspò, men li gen tout dokiman ki nesesè pou yon paspò
Ki moun ki pa elijib pou aplike ? Yon moun ki gen mwens pase 15 oswa plis pase 18 lane
Aplikan ki te deja vwayaje nan peyi Etazini an pou nenpòt ki rezon,
Yon moun ki te patisipe nan yon pwogram ECA deja
Manm nan fanmi yon anplwaye nan Biwo Edikasyon ak zafè kiltirèl
Manm nan fanmi yon anplwaye Global Potential oubyen patnè li yo
Manm nan fanmi yon anplwaye nan Anbasad Ameriken nan peyi Ayiti
Aplikan ki nan pwosesis k ap aplike pou imigrasyon nan peyi Etazini. Aplikan ki gen doub nasyonalite
Aplikasyon ki pa konplè p ap konsidere.