Source of Life

Source of Life Contact information, map and directions, contact form, opening hours, services, ratings, photos, videos and announcements from Source of Life, Nonprofit Organization, 3654 Kent Drive, Naples, FL.

This is a safe space to revitalize souls, renew minds, & transform lives through mental health resources.
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹

Yon espas sekirize pou revitalize nanm, renouvle lespri, & transfòme lavi atravè resous sante mantal.

✨ Wikenn nou t ap tann nan prèske rive! 💚🌿Gen plis enfòmasyon k ap vini byento, kidonk rete branche! 👀✨Men pandan n ap t...
08/15/2026

✨ Wikenn nou t ap tann nan prèske rive! 💚🌿

Gen plis enfòmasyon k ap vini byento, kidonk rete branche! 👀✨
Men pandan n ap tann nan… ann fè yon ti retou sou bèl moman nou te viv yo! 🥰
💚 Kisa ou te pi renmen nan Wikenn Byennèt ane pase yo? �Aktivite yo? Moman detant yo? Rankont ak lòt moun? Atmosfè a? 🌿💃🏽
👇🏽 Pataje pati ou te pi renmen an nan kòmantè yo epi tag yon zanmi ou ta renmen wè vini avèk ou ane sa a! 💚
Ann kontinye pataje, like, kòmante epi envite lòt moun pou yo vin detann yo, rekonekte epi pran swen byennèt yo avèk nou. 🌿✨
Plis enfòmasyon ap vini… rete branche! 👀💚

https://www.instagram.com/p/DcEL-cflTRU/?utm_source=ig_web_copy_link

Chak moun inik. Pa konpare tèt ou ak pèsonn. Renmen tèt ou, apresye valè ou, paske pa gen lòt tankou w. Ou inik, se sak ...
07/20/2026

Chak moun inik.

Pa konpare tèt ou ak pèsonn. Renmen tèt ou, apresye valè ou, paske pa gen lòt tankou w.

Ou inik, se sak fè fòs ou.





07/15/2026

Apre ou fin aprann sou 9 domèn swen pèsonèl yo, pran kèk minit pou fè yon evalyasyon onèt sou tèt ou.

Poze tèt ou kesyon sa yo:
1. Ki kote mwen ye kounye a?
2. Kisa k ap retire enèji mwen?
3. Kisa ki ka ede m reprann fòs mwen?

Apre sa, chwazi 1 oswa 2 objektif ki senp, klè, epi ou ka mezire. Ekri etap konkrè ou pral swiv pou reyalize yo.

Sonje, se ti aksyon ou fè chak jou ki ka bati gwo chanjman nan lavi ou.






Restavèk pa legal.Nan koutim ayisyèn, timoun ki rete ak moun souvan rele restavèk. Pa gen okenn estati legal espesyal ki...
07/10/2026

Restavèk pa legal.

Nan koutim ayisyèn, timoun ki rete ak moun souvan rele restavèk. Pa gen okenn estati legal espesyal ki otorize pratik sa. Okontrè , konstitisyon an ak Kòd sivil ayiti ansanm ak lwa sou dwa timoun entèdi abi,eksplwatasyon ak neglijans timoun.

Tout timoun gen dwa a pwoteksyon, edikasyon ak swen san diskriminasyon.







Chak jou ou leve, pran yon ti moman pou sonje kiyès ou ye. Pa kite dout, echèk, oswa opinyon moun fè w bliye valè Bondye...
07/06/2026

Chak jou ou leve, pran yon ti moman pou sonje kiyès ou ye.

Pa kite dout, echèk, oswa opinyon moun fè w bliye valè Bondye mete nan ou. Chak nouvo jou se yon lòt prèv ke lavi w gen sans, objektif, ak yon rezon pou w souri.

Leve ak rekonesans. Mache ak konfyans. Souri, paske ou se yon kreyati mèveye.







Vyolans kite mak ki pa toujou vizib. Li kraze diyite, retire sekirite, epi konpwomèt avni moun ki sibi li. Men li afekte...
07/03/2026

Vyolans kite mak ki pa toujou vizib. Li kraze diyite, retire sekirite, epi konpwomèt avni moun ki sibi li. Men li afekte tou moun ki pratike li a, fanmi yo, ak tout kominote a.

Chak aksyon nou poze pou ankouraje respè, dyalòg ak lapè se yon pa anplis pou bati yon sosyete ki pi an sekirite pou tout moun.
Yon kominote san vyolans se yon kominote ki chwazi lavi.

Mwen chwazi lavi. Mwen di NON ak vyolans sou tout fòm li.
E ou menm, ki chwa w ap fè jodi a?







06/30/2026

Gen anpil mit sou sante mantal gason ki fè anpil nan yo soufri an silans.

Ann kraze kèk nan mit sa yo ansanm.

Si w konnen lòt mit nou pa mansyone, ekri yo nan kòmantè yo.

Sous: www.nami.org





Twò souvan, nou bliye selebre efò papa yo. Nou pa toujou bay yo rekonesans yo merite, malgre tout sakrifis yo fè an sila...
06/28/2026

Twò souvan, nou bliye selebre efò papa yo. Nou pa toujou bay yo rekonesans yo merite, malgre tout sakrifis yo fè an silans pou fanmi yo. Papa se yon repè, yon poto mitan, yon senbòl fòs, kouraj, disiplin ak responsablite. Se yo ki lite pou pwoteje, gide, ankouraje epi prepare pitit yo pou lavi.

Jodi a, ann pran yon moman pou rann omaj ak tout papa an Ayiti. Kit yo prezan chak jou bò kote pitit yo, kit yo ap fè tout sa yo kapab malgre difikilte lavi yo, nou salye devouman, lanmou ak detèminasyon yo.

Yon papa pa sèlman bay lavi; li konstwi avni. Li plante valè, li enspire konfyans, li montre chemen an, epi li kite yon eritaj ki depase jenerasyon. Lè nou onore papa yo, se fanmi an nou ranfòse, se sosyete a nou ede grandi.

Bòn fèt pou tout papa yo! Mèsi paske nou chwazi rete djanm nan pozisyon nou, malgre tout defi yo. Nou se sous enspirasyon, modèl kouraj, ak yon benediksyon pou fanmi nou ak pou peyi nou🇭🇹






Too often, we fail to celebrate the efforts of fathers. We don't always give them the recognition they deserve, despite ...
06/28/2026

Too often, we fail to celebrate the efforts of fathers. We don't always give them the recognition they deserve, despite the countless sacrifices they make quietly for their families. Fathers are pillars of strength, symbols of courage, resilience, discipline, and responsibility.
Every day, they work tirelessly to protect, guide, encourage, and prepare their children for life.

Today in Haiti, we honor and celebrate all fathers. Whether they are present every day or doing everything they can despite life's challenges, we recognize their dedication, unconditional love, and unwavering commitment to their families.

A father does more than give life, he helps shape the future. He instills values, builds confidence, leads by example, and leaves a legacy that extends far beyond his own generation. When we honor fathers, we strengthen families and help build a better society.

Happy Father's Day to every father! Thank you for standing firm in your role despite every challenge. Your strength, sacrifice, and love inspire your families and contribute to a brighter future for Haiti. 🇭🇹







Sistèm restavèk la se yon gwo risk pou sante mantal timoun yo, paske li mete yo nan neglijans, eksplwatasyon ak separasy...
06/26/2026

Sistèm restavèk la se yon gwo risk pou sante mantal timoun yo, paske li mete yo nan neglijans, eksplwatasyon ak separasyon ak fanmi yo.

Sa ka lakòz anksyete, laperèz, depresyon, yo pa gen estim pou tèt yo, twomatis, epi difikilte nan relasyon sosyal ak aprantisaj.

Sa afekte tout lavi timoun sa.








Address

3654 Kent Drive
Naples, FL
34112

Opening Hours

Monday 8am - 5am
Tuesday 8am - 5pm
Wednesday 8am - 5pm
Thursday 8am - 5pm
Friday 8am - 5pm
Saturday 8am - 5pm

Telephone

+15405980667

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Source of Life posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Shortcuts

Share