AYITI AN KREYÒL

Call Directions Website Contact the organization

AYITI AN KREYÒL 1-Pwomosyon lang kreyòl la.
2-Travay nan domèn edikasyon.
3-Akonpaye Peyizan nan agrilkilti.
4-Lwazi ak espò pou tout Ayisyen.

AAK angaje l nan travay pou Amelyore lavi nan kominote yo nan domèn edikasyon, espò, lwazi ak agrikilti.

09/20/2026

🎬 Videyo a lage! 🔥🇭🇹

Al gade atis Bozz la, Anbasadè Ayiti an Kreyòl, nan nouvo videyo li a! 🎶✨

Ann pote sipò nou bay talan lakay!
Ayiti an Kreyòl Jenès se fòs la! 🇭🇹🫂

https://youtu.be/mpcHuRBWYms?is=0rfEmkgkvHZ4a7ew

Bozz La

09/10/2026

Pi move bagay la se pa sa move moun yo ap fè, men se silans moun ki onèt yo.

09/07/2026
🎒📚 15 TIMOUN PRAL LEKÒL GRAS AK YON JÈS SOLIDARITE!Se avèk anpil kè kontan nou anonse Ayiti an Kreyòl ede 15 timoun antr...
09/04/2026

🎒📚 15 TIMOUN PRAL LEKÒL GRAS AK YON JÈS SOLIDARITE!

Se avèk anpil kè kontan nou anonse Ayiti an Kreyòl ede 15 timoun antre lekòl ane sa a, gras ak sipò Frantz-Ly Louis ak Bozz La . ❤️🇭🇹

Pou chak timoun sa yo, ane lekòl la peye nèt, ansanm ak materyèl eskolè yo bezwen, tankou:
🎒 Valiz
📚 Kaye
🖊️ Plim
✏️ Kreyon
📐 Bwat jewometri
ak lòt materyèl nesesè pou lekòl.

Nou konnen sitiyasyon peyi a vrèman difisil. Travay ra, aktivite ekonomik yo difisil, epi anpil fanmi pa gen ase mwayen pou satisfè bezwen debaz pitit yo.

Se poutèt sa, Ayiti an Kreyòl ankouraje tout moun ede selon mwayen w, pase je w gade bò lakay ou lonje men bay sa k pi fèb yo. Ou pa bezwen gen anpil pou w fè yon diferans. Menm kèk kaye, kèk plim, yon valiz oswa nenpòt lòt ti sipò kapab ede yon timoun kontinye ale lekòl.

Ann lonje men youn bay lòt. Ann ede timoun yo aprann. Ann bati yon pi bon demen ansanm. 🇭🇹❤️

AYITI AN KREYÒL

09/04/2026

Kèk egzanp k ap pèmèt ou amelyore fason w ekri kreyòl la.

M ap ✅️ — Map, M'ap ❌️
W ap ✅️ — Wap, W'ap ❌️
L ap ✅️ — Lap, L'ap ❌️
N ap ✅️ — Nap, N'ap ❌️
Y ap ✅️ — Yap, Y'ap ❌️
K ap ✅️ — Kap, K'ap ❌️
T ap ✅️ — Tap, T'ap ❌️
P ap ✅️ — Pap, P'ap ❌️

Manman m ✅️ — Manmanm ❌️
Papa w ✅️ — Papaw ❌️
Frè w ✅️ — Frèw ❌️
Sè l ✅️ — Sèl ❌️
Zanmi m ✅️ — Zanmim ❌️
Afè w ✅️ — Afèw ❌️
Lajan l ✅️ — Lajanl ❌️
Non w ✅️ — Nonw ❌️
Men m ✅️ — Menm ❌️
Pye w ✅️ — Pyew ❌️
Tèt li ✅️ — Tètli ❌️
Pa okipe l ✅️ — Pa okipel ❌️
Rele m ✅️ — Relem ❌️
Di l ✅️ — Dil ❌️
Ba l ✅️ — Bal ❌️
Pale avè m ✅️ — Pale avèm ❌️
Tann mwen ✅️ — Tannmwen ❌️
Kite l ✅️ — Kitel ❌️
Gade l ✅️ — Gadel ❌️
Ede m ✅️ — Edem ❌️
Montre m ✅️ — Montrem ❌️
Voye l ✅️ — Voyel ❌️
Pran l ✅️ — Pranl ❌️
Koute m ✅️ — Koutem ❌️

09/04/2026

"FÒM KONTRAKTE"

Pwonon pèsonèl yo nan lang Kreyòl Ayisyen an, gen 2 fòm.
Yo ka parèt sou yon fòm long oubyen sou yon fòm kout.

Men genyen lòt mo ak vèb ki pa pwonon pèsonèl ki gen fòm kontrakte yo tou.

Egzanp: Ki ak K, Konnen ak konn, vini ak vin, ale ak al, genyen ak gen, soti ak sot.

Pwonon pèsonèl yo an Kreyòl se:

MWEN ak M
OU ak W
LI ak L
NOU ak N
NOU ak N
YO ak Y

Egzanp:

Mwen renmen ou/ Mwen renmen w.
Li anlè a./ L anlè a.
Nou ap chante./ N ap chante.
Yo ap pale anpil./ Y ap pale anpil.
Li konnen Moun sa./ Li konn moun sa.
Ou vini an reta./ Ou vin an reta.
Nou ale lekòl./ N al lekòl
Genyen dout sou sa./ Gen dout sou sa.
Pa gade ale mwen./ Pa gad ale m.
Ou soti nan jaden?/ Ou sot nan jaden?
Bòs ki ap travay./ Bòs k ap travay.

Pwonon "Ou" ki gen fòm kontrakte l "W"
Pou w itilize fòm kontrakte "W" a li dwe toujou gen yon vwayèl swa devan l oubyen dèyè l, nenpòt kote nan yon fraz ou nan yon mo.

Depi l pa gen yon vwayèl avan l ou aprè l Se "OU" ki dwe itilize.

Egzanp:
Telefòn "OU" se pa "W"
Ou soti lwen
Nyès "OU" se fanmi "W"

Mw fè yon remak, mw jwenn grafèm "N" pa respekte règ sa.

Egzanp"

Kite m mennen w .
Pran desten w an men.
Kiyès ki manman w?
Nen w kouri dlo.

NB: Pwonon pèsonèl yo pa dwe janm kole ak okenn lòt mo, dwe toujou gen yon espas, avan yo te konn itilize apostwòf pou separe yo, kounya sa pa nesesè.

09/04/2026

Fason pou w sèvi ak grafèm "W".

Devan vwayèl O, Ò, ON, OU nan yon mo se grafèm " W" ou dwe itilize.

Wout, Wonn, Wòb, Wotè, Wobo, Pewon, Wowoli, kawòt, kawach, kowosòl, patwon, pewòl, petwòl, twotwa, twomatize, Dwàn, Dwòn, kouwòn, siwèl.

Aksan grav ou aksan fòs

Aksan grav la gen 2 fonksyon:

1- Li sèvi pou fè diferans ant grafèm "E" ak "È" ; "O ak Ò".

Egzanp:

Pe ak Pè
Mo ak Mò
Ve ak Vè
Te ak Tè
Me ak Mè
Lo ak Lò
Po ak Pò

2- Li anpeche yo konfonn grafèm "A" devan "N" ak grafè m "AN".

Egzanp:

Pan mi an tonbe/ Machin nan an pàn

09/03/2026

Kijan nou ye moun Gonayiv yo?

Lòt moun yo, Kijan bò lakay nou leve maten an?

🌍 PEYI KOTE KREYÒL SE LANG OFISYÈL 🇭🇹🌎Èske w te konnen Kreyòl se yon lang ofisyèl nan plizyè peyi ak teritwa atravè lemo...
09/02/2026

🌍 PEYI KOTE KREYÒL SE LANG OFISYÈL 🇭🇹🌎

Èske w te konnen Kreyòl se yon lang ofisyèl nan plizyè peyi ak teritwa atravè lemonn? 🌍

🇭🇹 Ayiti: Kreyòl Ayisyen se lang ofisyèl ansanm ak Fransè.

🇨🇻 Kap Vè: Kreyòl Kabo Vèdyen an gen yon gwo plas nan lavi nasyonal la.

🇸🇨 Seychèl: Kreyòl Seychelwa se youn nan lang ofisyèl yo.

🇲🇺 Moris: Kreyòl Morisyen an se lang ki pi pale nan peyi a, men li pa lang ofisyèl nan nivo konstitisyonèl.

🇸🇹 São Tomé ak Príncipe: Kreyòl lokal yo pale nan peyi a, men Pòtigè se lang ofisyèl.

📌 Enpòtan: Gwadloup ak Matinik gen kreyòl ki pale anpil, men Kreyòl pa lang ofisyèl yo.

❤️ Kreyòl se lang nou, se kilti nou, se idantite nou!

Ann kontinye aprann, pale, ekri epi pwomouvwa Kreyòl nan toupatou sou latè. 🌎

Kreyòl se nou! 🇭🇹

Address

Delmas 40B #10
Medford, MA
HT6120

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when AYITI AN KREYÒL posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Organization

Send a message to AYITI AN KREYÒL:

Shortcuts

Share