AN Nou Rebati Ginode Inc.

AN Nou Rebati Ginode Inc. An Nou Rebati Ginode, Inc.

is a 501(c)(3) nonprofit organization dedicated to empowering the 2nd Section of Jean Rabel,Through sustainable projects, we aim to uplift lives, create opportunities, and inspire hope.Together, we can build a brighter future.

10/11/2026

Ann pote kole pou n leve eskanp figi kominote nou.

10/10/2026

Bon fèt Vounie!
Yon moun ki toujou pare pou ede, toujou dispoze kolabore, epi ki pran sèvis kominote a ak anpil responsablite.
Nou gen anpil lanmou ak respè pou ou.

Bonjan rekòt lavi,Iveline Cherisma Madam Lajan an!Jodi a se jou pa w, bèl nègès. Nou remèsye Kreyatè a paske, lè Li t ap...
10/10/2026

Bonjan rekòt lavi,Iveline Cherisma Madam Lajan an!
Jodi a se jou pa w, bèl nègès. Nou remèsye Kreyatè a paske, lè Li t ap fè lemonn bèl kado sa a, Li te panse ak nou tou lè Li te mete yon bèl fanm ak yon bèl nanm tankou w sou wout nou.
Nou vle pwofite de jou espesyal sa a pou n di w mèsi. Mèsi paske bon konprann, sans responsabilite ak lanmou pou moun toujou gide w nan fason w ap sèvi kominote a.

Antanke Trezoryè AN Nou Rebati Ginode Inc., ou pa sèlman pote yon tit: ou pote konfyans, entegrite, disponibilite ak yon volonte reyèl pou ede kominote a avanse.

Nou konnen jan ou renmen ede moun, jan ou toujou pare pou bay kout men pa w, epi jan ou pran sa ki gen pou wè ak kominote a ak tout kè w. Sèvis ou, sakrifis ou, fidelite w ak fason ou toujou dispoze kolabore se bagay nou apresye anpil.

Vounie, nou vle w konnen nou gen anpil lanmou, respè ak admirasyon pou ou. Nou swete Bondye kontinye klere chemen w, pwoteje w, ba w lasante, fòs, sajès, lapè ,trankilite ak anpil lòt bèl ane ankò.

Fè kè w kontan jodi a, paske anivèsè yon Rèn pa janm yon mens afè.

Byen rekòlte lavi, Madam Lajan an!
Byen selebre lavi, bèl nègès!
Mesyedam, vin ede nou selebre yon fanm total kapital: Iveline Cherisma.Frantzso JulmisteIsraël JulusJackson JulmisteWisler Don JulmisseRol BeautelusYolline P BeautelusConstantin MitialDuberiste LyvensChouby DorsainvilTiboss PierreRalph Fedlin Sainval

Ou pa manke talan. Ou manke bon zouti yo.Men 5 kòd ChatGPT ki fè kreyatè ayisyen travay pi vit: /script, /tradwi, /lide,...
10/06/2026

Ou pa manke talan. Ou manke bon zouti yo.

Men 5 kòd ChatGPT ki fè kreyatè ayisyen travay pi vit: /script, /tradwi, /lide, /hook, /deskripsyon.

Ekri "KÒD" nan kòmantè — m ap voye 10 lòt ba ou nan DM.

10/04/2026

I got over 2,500 reactions on my posts last week! Thanks everyone for your support! 🎉

7 AN AN REBATI GINODE INC  ,7 ANE KI EKRI AK LAFWAGen kèk dat nou selebre ak kè kontan. Men gen lòt dat nou selebre ak e...
10/03/2026

7 AN AN REBATI GINODE INC ,7 ANE KI EKRI AK LAFWA

Gen kèk dat nou selebre ak kè kontan. Men gen lòt dat nou selebre ak emosyon, rekonesans ak memwa. Jodi a se youn nan jou sa yo.

Sa fè 7 ane depi An Rebati Ginode Inc te pran nesans. 7 ane kote nou te aprann ke renmen yon kominote se pa sèlman pale de li, men se batay pou li, sèvi li, kwè nan li epi rete kanpe menm lè chemen an difisil.

Nou te konnen dout. Nou te konnen difikilte. Nou te konnen moman kote li te pi fasil pou dekouraje. Men, malgre tout bagay, rèv la pa t mouri. E jodi a, pandan n 'ap wè Legliz nou an ap leve ankò, nou ka di ak fyète: sa nou te kwè nan li a ap kòmanse tounen reyalite.

Mèsi ak tout moun ki te pote yon moso nan chay la pandan 7 ane sa yo, moun ki te bay lajan, tan, lide, travay, konsèy, ankourajman ak priyè. Chak kontribisyon, piti kou gwo, ekri yon paj nan istwa sa a.

An Rebati Ginode se pa non yon òganizasyon sèlman. Se yon angajman. Se yon eritaj. Se yon pwomès pou jenerasyon k' ap vini yo.

Jodi a, ann selebre 7 ane yo ak rekonesans. Men sitou, ann gade devan ak menm lafwa a, paske pi bèl paj istwa Ginode a poko ekri.

7 ane deja. Rèv la vivan. Travay la kontinye. Ginode ap rebati.
Reginald Julmisse Sekretè e Pòt Pawòl ANRG

Ti Reggie nèg ginode100%.

10/01/2026

"Yo di m piti men m pa pitimi chandèl."
Grosè w pa limit ou se eskiz ou yo ki limite w.
Your size isn't your limit ,your excuses are.
Pa pranl,men pa jete l. Like and follow for more.

10/01/2026

Ti Bigarèt may be small, but trust me, she came with attitude. 🐐
This is only the beginning for Fedo & Ti Bigarèt.

09/30/2026
09/27/2026

Stivens pa sèlman yon journalis. Vin tande ki lòt bagay li konn fè.

Address

Hollywood, FL
33021

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when AN Nou Rebati Ginode Inc. posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Organization

Send a message to AN Nou Rebati Ginode Inc.:

Shortcuts

Featured

Share