04/06/2026
⭕️ENFO | Se yon gwo eksplwa pou entènasyonal Ayisyen an,🇭🇹aprè klèb li fin bat Sporting CP (2-1) nan final « Coupe du Portugal »,🇵🇹Dimanch 24 Me 2026 la. Pou anpil medya, se yon bagay istorik klèb la rive reyalize, paske ekip ki te anfas li a te parèt favori. Viktwa sa a pèmèt Dany Jean ak ekip li jwenn kalifikasyon dirèk pou UEFA Europa League, sezon kap vini. Nap note, se pou premye fwa klèb Dany an chanpyon « Coupe du Portugal ». Sa gen 70 lane depi yo te jwe yon final konsa. Sevre yo kalifye pou Europa, men ekip Sport Clube União Torreense lan aprè yon bèl sezon, toujou nan batay pou monte nan premye divizyon Pòtigèz. Dayè, yo gen yon match baraj retou ki pwograme jedi kap vini la | L'EQUIPE