09/15/2026
🙏🏾 MESAJ REMÈSIMAN — PIYONMENLEVE 🙏🏾
Nan non PiyonMenLeve, nou vle eksprime tout rekonesans nou ak tout moun ki te kontribye pou fè aktivite distribisyon materyèl lekòl la nan Boukeròn, Pignon vin yon reyalite. 🎒📚✏️
Nou di yon gwo mèsi ak tout manm komite a pou travay, òganizasyon ak angajman nou. Mèsi ak tout moun ki te bay lajan, konsèy, sipò ak tan yo pou ede nou rive jwenn timoun yo.
Chak kontribisyon, kit li te gwo kit li te piti, te gen yon enpòtans espesyal. Se gras ak inite, jenerozite ak kolaborasyon nou tout ansanm nou kapab pote yon ti limyè ak espwa bay timoun ki nan kominote Boukeròn nan. ❤️🙏🏾
Nou apresye chak moun ki te kwè nan vizyon PiyonMenLeve epi ki te chwazi kanpe bò kote nou. Travay sa a se pa travay yon sèl moun; se yon efò kolektif. 🤝🏾
Mèsi pou konfyans nou, mèsi pou sipò nou, mèsi pou lanmou nou, e sitou mèsi paske nou ede nou fè yon diferans nan lavi timoun yo. 🙏🏾❤️
Ke Bondye beni chak moun ki te patisipe nan bèl inisyativ sa a, ansanm ak fanmi yo. Nou swete se sèlman kòmansman an, paske ansanm, nou kapab fè plis toujou pou timoun nou yo. 🇭🇹📚❤️
Mèsi Special a Fanmiy Maignant ( Ericka, Deborah )
PiyonMenLeve — Ansanm pou timoun yo, ansanm pou demen. 🙏🏾
Pou Otantifikasyon
Directeur General Manager : Fredenel Dorvil
Coordonatrice : Mme. Holdine J. Dorvil
Tresoriere : Mme. Marianica Rock
Secretaire : Ludiana Noel
conseiller. : Pasteur Genel Joseph
Delegue : Pasteur Berthol Leonel
Membre : Aldonza Calouneda
Membre : Rose Ferlande Val