14/12/2022
Jimsky Rolph Eugène, kowòdonatè adjwen GVINO-HAÏTI, yon jèn gason, yon jèn pwofesyonèl ki deside rete nan peyi a malgre mizè ak peripesi, rive viktim yon zak kidnapin sou wout pou ale pòdepè a nan zòn tibwadòm ansanm ak plizyè lòt moun. GVINO Haïti egzije liberasyon kanmarad la ansanm ak lòt moun ki avèl yo san kondisyon, yon jèn gason ki angaje l pou sèvi kominote li atravè plizyè aksyon sosyal ke l poze. Jèn gason k ap reziste pou rive vuv nan peyi a, pitit malere k ap goumen ak lavi di nan peyi a paka jwenn sa kòm rekonpans.
Mesye nou mande liberasyon moun yo, nou konnen très bien ke yo pagen genyen sanap mande a, se yon bann malere menm jan ak nou n ap fè abi, se moun kinan menm mizè avèk nou n ap fè soufri, bayo chans lan, libere yo.