06/07/2026
ANONS
Bonjou tout frè ak sè scout yo, ansanm ak tout jèn ki anvi fòme tèt yo!
Gen yon bèl opòtinite k ap tann nou. District Delmas, nan Depatman Lwès Entyè Scout d Ayiti, ap òganize yon Kou Entwodiksyon a la Base.
Si w se yon nouvo scout, yon responsab, oswa ou vle pi byen konprann fondasyon scoutis la, fòmasyon sa a fèt pou ou. Pandan de (2) jou, w ap dekouvri lespri scoutis la, valè li yo, metòd li yo, ak misyon yon bon scout nan sosyete a.
Dat: 18 ak 19 Jiyè 2026
Kote: Lekòl Gédéon, Delmas 31
Frè enskripsyon: 1,000 goud
Lè : Ant 8è nan maten pou rive 4è nan aprè midi.
Pa tann dènye moman! Enskripsyon ap fini dimanch 12 Jiyè 2026.
Pou enskri oswa jwenn plis enfòmasyon, rele: 📞 4113-4844 oswa 4618-6081.
Vin aprann, vin grandi, vin prepare tèt ou pou sèvi ak lidèchip, disiplin ak devouman.
Distri Dèlma :" Inyon, Fòmasyon, Pwogrè."
Nou konte sou prezans ou! Toujou Pare!
Freindy ALPHONSE
Kodis Adjwen Distrik Dèlma.