18/09/2026
Fòse pou l kite tout bagay epi kouri pou vyolans nan Mibalè, Edele jwenn abri ak tout fanmi l sou sit Rezidans Medikal, nan Beladè.
« Youn nan pi gwo defi nou te genyen isit la, se te aksè ak dlo. Lè DINEPA ak UNICEF te rezoud pwoblèm sa a, se te yon gwo soulajman pou nou tout. Jodi a, nou gen dlo trete », se sa Edele rakonte.
Dlo se yon eleman enpòtan nan lavi tout moun. Gras ak sipò OCHA Funds, DINEPA ak UNICEF distribye plis pase 680 400 lit dlo trete pou plis pase 1 000 moun ki deplase nan Beladè ak Laskawobas.
, aksè ak dlo trete. 💙