SOS Patriyòt

Appeler Itinéraire Site Web

SOS Patriyòt SOS PATRIYÒT se yon òganizasyon Kap defann dwa moun ki sibi enjistis , nan travay, nan lekòl, anba men fòs lòd, elatriye.

🔴 Osthène Codio Ki se ansyen chèf operasyon BSAP nan depatman Nòdès, mouri asasinen anba kout bal devan lakay li aswè sa...
29/06/2026

🔴 Osthène Codio Ki se ansyen chèf operasyon BSAP nan depatman Nòdès, mouri asasinen anba kout bal devan lakay li aswè samdi 27 jen 2026 la.

Daprè premye enfòmasyon yo, atak la te fèt ozanviwon 10zè nan aswè devan lakay li. Jiskaprezan moun ki komèt zak la poko idantifye. Osthène Codio te resevwa plizyè bal epi yo te transpòtel prese prese nan yon lopital. Malerezman li rann dènye souf li.

Asasina sa rive sèlman kèk jou apre Osthène Codio te pèdi pòs li kòm chèf operasyon BSAP nan depatman Nòdès. Pandan yon konferans pou laprès ki te fèt 23 jen 2026, direktè depatmantal BSAP Nòdès la, Julmiste Jacques, te anonse yo revoke Osthène Codio, e li te vin tounen yon senp ajan BSAP san okenn grad.

Non li se Jean-Ricner Bellegarde,Kèk nan dènye klèb li se RC Lens, RC Strasbourg avan li ale jwe nan Wolverhampton Wande...
15/06/2026

Non li se Jean-Ricner Bellegarde,
Kèk nan dènye klèb li se RC Lens, RC Strasbourg avan li ale jwe nan Wolverhampton Wanderers FC nan 2024.

Pou moun ki tap swiv seleksyon an nan move moman yo, an Jen 2025 aprè defèt Ayiti 5-1 devan Kiraso nan dènye match avan dènye faz eliminatwa mondyal la anpil kè tap sote pou seleksyon nasyonal la. Rive nan Gold Cup 2025. Ayiti te fè 2 defèt ak 1 match nil. Defèt 1-0 devan Arabie saoudite, defèt devan Etazini 2-1 epi yon match nil kont Trinidad = eliminasyon nan Gold Cup.

Aprè eliminasyon sa, Jean-Ricner Bellegarde se te premye jwè nan wo nivo a ki te anonse lap vini jwenn seleksyon nasyonal la. Li rive an Septanm. Aprè 2 premye match kont Ondiras ak Kostarika Bellegarde te deklare: "rete konfyans, nou pwal fè li". Ansanm ak tout jwè li goumen, yo kalifye Ayiti pou mondyal la. Li grn 27 lane. Li toujou nan wo nivo a. Se premye jwè ki vin jwe pou Ayiti ak yon valè de 16 milyon ewo💵💵💵. Li ensiste anpil tou nan konvenk lòt jwè pou vini jwe pou Ayiti. Se yon jwè ki merite respè, se jwè ki vin rekòmanse bay seleksyon an yon lòt limyè, yon lòt oryantasyon.

Notre IsiGOL
09/06/2026

Notre IsiGOL

Nan okazyon Fèt Drapo a, moun Okap te rann yon omaj vibran bay plizyè jenerasyon ki make istwa seleksyon nasyonal la, pa...
22/05/2026

Nan okazyon Fèt Drapo a, moun Okap te rann yon omaj vibran bay plizyè jenerasyon ki make istwa seleksyon nasyonal la, pami yo jenerasyon istorik 1974 la ki te pote Ayiti nan premye Mondyal FIFA li. 🙌🏾⚽

Yon bèl jès pou onore lejand yo, sakrifis yo, ak eritaj yo kite pou lòt jenerasyon yo. 🇭🇹❤️

Abigail 🌹🥀🥰🇭🇹 Depiw Se Ayisyen Pa pase Sou Foto Sa Sanw pa kite yon Cœur ❤️❤️❤️Pou li
21/04/2026

Abigail 🌹🥀🥰🇭🇹 Depiw Se Ayisyen Pa pase Sou Foto Sa Sanw pa kite yon Cœur ❤️❤️❤️Pou li

Adresse

Santiago
Ville De Port-au-Prince
6116

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque SOS Patriyòt publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager