01/06/2024
KILTI ASOSYE
3 pwen a respekte.
Kilti asosye a se yon teknik ki pèmèt ou plante pou pi piti 2 espés sou yon sèl pasèl, nan yon sèl jaden, nan menm moman.
Pou fè sa, ou pa dwe deranje cycle vital plant yo. Pou rezon sa, men 3 pwen ou dwe respekte pou ka jwenn bon jan randman :
1. Espas vital: Se distans ki rekòmande nan fich teknik chak plant, ki pèmèt ou konnen di distans pou mete pye yo youn ak lòt. Li dwe respekte pou chak espès ou plante yo. Eg: bannann 2.5m, pwa chous 0.4-0.5m.
2. Jesyon fètilite: Evite mete ansanm plant k'ap bezwen menm eleman nitritif pandan menm moman. Bat pou bezwen yo pa tonbe nan menm peryòd. Mete pito espés youn ap ede lòt yo. Egzanp: pwa ak bannann. (Pa pwa kongo).
3. Cycle vital: Evite mete plant k'ap rekòlte nan menm dat. Eg: mayi, manyòk...
Li Byen: Si ou plante yo kanmèm, rekòlte youn vét, youn séch. Eg: pistach (3 mwa) ak mayi (3 mwa). Si non, kapab gen pwoblèm jesyon espas, anpil pèt akoz difikilte pou rekòlte yo ansanm (gate, jèmen... Selon sezon an);...
☠️ Si distans plantasyon yo pa respekte, pye yo ap etyole akoz twòp lonbraj. Sa vle di y'ap grandi twòp nan chache solèy, epi yo p'ap byen donnen.
☠️ Si kilti ou asosye yo pa mache ansanm, ou p'ap jwenn bon randman, ou p'ap fè ase lajan tou. Egzanp : Piman ak kalalou, bannann ak pwa kongo...
☠️ Gen Kilti ou asosye ki fasilite devlopman maladi tou. Bannann ak pwa kongo.
3 enpòtans ou benefisye de kilti asosye :
1. Redwi depans: Pou 2 ou 3 kilti a, ou t'ap bezwen 2 a 3 labouraj, 2 a 3 saklaj (an ka yon sèl). Donk, ou fè yon sèl labouraj, yon sèl saklaj pou yo tout.
2. Pi byen manje: Ou gen plizyè kalite manje lakay ou, rasyon an ap pi ekilibre...
3. Jesyon tan...
Aimez 👍🏽, abonnez 🔔epi partagez ↪️ pou ede yon lòt konprann. Toujou poze kesyon pou kapab konprann plis.