25/07/2025
24-07-2023
24-07-2025
Sa fè 2 lane depi RJINO te mete sou pye yon pwojè ki se SALEC, pwojè Sila a gen pou objektif pou ankouraje jèn yo li ak pou ede yo develope sa Bondye mete nan yo kòm talan.
Gran lansman te fèt 24 jiyè 2023 nan lokal filadèlfi nan lapwent lan, se te yon bagay grandyoz anpil moun te reponn prezan pou vin asiste e konnen kisa ki SALEC epi RJINO epi konnen ki objektif yo genyen nan kominote a, Premye aktivite sa te demare anba tèm kòman m ka sèvi de kapasite m genyen Nan ekri pou m reyisi se pwofesè Dumercie LUBIN ki te entèvni sou sijè, nou te genyen Fr Bensley SAINSURINki te la kòm moun ki tap modere epi atis Desimène AMBROISE te chante yon bèl mizik pou anime piblik la. Anpil moun te kontan jou sa, yo te wè ak pwojè gen yon nouvo espswa pou kominote a.
SALEC pat sèlman rete la, aprè li reyalize yon aktivite ki te baze sou lèkti se Pwojè Samson JEAN ki vin entèvni sou yon sijè ki enpòtan anpil nan li nou te òganize yon konkou elokans, se te avèk anpil lanmou jèn yo te apresye sa. Jous nou te rive fè yon aktivite sou desen youn ankò sou lèkti. SALEC pat sèlman rete konsantre sou sa yo sèlman li te reyalize aktivite teyat ak pwezi se pwofesè Markenet METELLUS ki se fòmatè nan SALEC 2 sa yo.
Nou te toujou ankouraje jèn yo li.
SALEC ap kontinye pouswiv ak objektif li. Nap tou diw mèsi pou fason ou te resevwa bèl inisyativ sa nan La pointe des palmistes.