Jessy Alexander BECIUS/Agro-Météo

Jessy Alexander BECIUS/Agro-Météo Une page unique pour vous former et vous informer… Les sciences de l’atmosphère et de l’environnement à votre portée!

12 jen 2026Kijan tan ap ye jodi a?
12/06/2026

12 jen 2026
Kijan tan ap ye jodi a?

Jedi 11 jen 2026Kijan tan ap ye jodi a ?Prepare nou pou plis chalè nan pwochen jou yo…Meteyo nan bon timamit
11/06/2026

Jedi 11 jen 2026
Kijan tan ap ye jodi a ?

Prepare nou pou plis chalè nan pwochen jou yo…

Meteyo nan bon timamit

Mèkredi 10 jen 2026Kijan tan ap ye sou Ayiti?Meteyo a nan bon timamit
10/06/2026

Mèkredi 10 jen 2026
Kijan tan ap ye sou Ayiti?

Meteyo a nan bon timamit

Se tout  yon konpetisyon ki genyen nan atmosfè a kote nou deja detekte ganyan an. Ond Twopikal la ap enteraji ak yon « c...
09/06/2026

Se tout yon konpetisyon ki genyen nan atmosfè a kote nou deja detekte ganyan an.

Ond Twopikal la ap enteraji ak yon « creux» altitid plis yon depresyon sifas ki pwolonje soti soti nan Atlantik la pou ta mete ansanm epi fòse lapli sou peyi an.

Men nan nivo pati enferyè twoposfè a yon kouch pousyè Sahara kanpe an blòk nan zòn pasaj van an, Ant Ayiti, Kiba ak Jamayik epi pwojte li sou Ayiti.
Pousyè a lakoz sistèm nan pito kreye zòn avès ki rete lòt bò Jamayik.

Pandan tan sa a, batay la koz genyen nyaj ki vwale syèl la nan pati anlè twoposfè a sou Ayiti pandan pousyè a menm enteraji ak antisiklòn Atlantik la pou kenbe yon lè sèk nan nivo ki pi ba a.

Enteraksyon sa yo lakoz solèy la ap parèt yon tijan maske (diffus) nan syèl la, tan an ap yon jan twoub (akoz brim nan) epi n ap ka epwouve yon bon sansasyon chalè pandan jounen an kote tanperati yo kapab rive avwazinen 31-35 °C lokalman.

Kidonk, « ekip » ki genyen pousyè + antisiklòn nan ta pran lamayòl sou sistèm Ond Twopikal + « creux » yo.

Jessy Alexander BECIUS,
Nou se meteyo nan bon timamit

08 jen 2026Planifikasyon jounen w depann de meteyo. Donk, nou prezante w li nan bon timamit.Bon lajounen!
08/06/2026

08 jen 2026

Planifikasyon jounen w depann de meteyo. Donk, nou prezante w li nan bon timamit.

Bon lajounen!

Dimanch 07 jen 2026Meteyo a nan bon timamit.
07/06/2026

Dimanch 07 jen 2026
Meteyo a nan bon timamit.

06/06/2026

Eske sou zòn lakay ou lapli a déjà kòmanse tonbe, jan meteyo bon timamit lan te prevwa li a?

Nou t ap mande pou lapli…1- Genyen 2 Ond Twopikal (OT) k ap deplase sou lanmè Karayib la nan direksyon lwès. Sa ki devan...
06/06/2026

Nou t ap mande pou lapli…

1- Genyen 2 Ond Twopikal (OT) k ap deplase sou lanmè Karayib la nan direksyon lwès.
Sa ki devan an antrene yon enpòtan zòn konveksyon nan pòsyon Nò li ant, nou ta di nan sid Jamayik epi charye anpil imidite ki rive jis nan sid Ispanyola.

2- Genyen yon limit fwontal ki pwolonje rive nan zile Bahamas yo. Li pwovoke lapli dispèse ak loray.

Se 2 kondisyon ki ta dwe enfliyanse tan an sou Ayiti epi chanje figi meteyo a pou 2e pati jounen an.

Avantaj sa genyen: l ap rive diminye nan nivo chalè a, sitou nan lannwit. Men atansyon paske si previzyon yo pa devye gen chans pou inondasyon britsoukou sou plizyè rejyon.

Nou se meteyo nan bon timamit 🌤️🌦️⛈️
Swiv nou ! Pataje meteyo pou plis moun enfòme.

06 jen 2026Kijan tan ap ye jodi a ?Ki tandans pou demen samdi a?Swiv & pataje Meteyo a nan bon timamit
05/06/2026

06 jen 2026
Kijan tan ap ye jodi a ?
Ki tandans pou demen samdi a?

Swiv & pataje Meteyo a nan bon timamit

04 jen 2026Jan nou te di deja, jodi a, gwo kouch pousyè a diminye nan atmosfè nou an men gen yon ti kras k ap pèsiste.Pl...
04/06/2026

04 jen 2026

Jan nou te di deja, jodi a, gwo kouch pousyè a diminye nan atmosfè nou an men gen yon ti kras k ap pèsiste.
Plizyè zòn ka resevwa lapli samdi.
Yon lòt kouch pousyè kapab vizite nou ankò lendi.

Nou se Meteyo ki mezire nan bon timamit.

Adresse

Port-de-Paix

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Jessy Alexander BECIUS/Agro-Météo publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager