02/06/2026
Deklarasyon nan okazyon Jounen Entènasyonal Ijyen Règ 28 me 2026
(Deklarasyon sa a baze sou tèks ofisyèl ki te pibliye an fransè nan dat 28 me 2026)
Rezo Nasyonal Pledwaye pou Diyite Manstriyèl (RNPDM) RÈG Ayiti ap kowòdone epi ki rasanble òganizasyon ki soti nan Lwès ak Sid, reyafime jodi a yon egzijans klè: diyite manstriyèl dwe vin yon priyorite piblik ak estriktirèl an Ayiti.
Reyalite ki dokimante nan kominote yo, lekòl yo ak espas deplasman yo montre yon sitiyasyon grav: mank dlo ak enfrastrikti, ensifizans enfòmasyon, pri pwodwi yo ki twò wo, ak efè dirèk sou sante, edikasyon ak patisipasyon ekonomik.
Lè yon fenomèn byolojik ak natirèl afekte nan yon fason dirab sante, edikasyon ak ekonomi yon gwo pati nan popilasyon an, li pa rete nan domèn prive ankò; li vin tounen yon kesyon piblik ki mande yon repons piblik ki estriktire e dirab.
Fas ak sa, òganizasyon manm yo ap mande responsab piblik yo pou yo pran aksyon san reta pou:
• Entegre sante ak diyite manstriyèl nan politik nasyonal sante piblik ak edikasyon
• Garanti enfrastrikti sanitè ki apwopriye, ki san danje e ki aksesib nan lekòl, mache ak espas piblik
• Asire aksè ki abòdab ak pwodwi manstriyèl pou tout moun konsène
• Mete an plas pwogram edikasyon sou règ ki konplè, enklizif e baze sou syans
• Pwodui epi pibliye done nasyonal regilye sou prekarite manstriyèl
• Enkli dimansyon manstriyèl nan politik pwoteksyon sosyal ak travay
Diyite manstriyèl pa yon kesyon ki dwe mete sou kote. Li touche dirèkteman dwa a sante, edikasyon, sekirite ak egalite.
Jodi a, nou lanse yon apèl pou angajman piblik ki konkrè, mezirab e dirab pou garanti kondisyon lavi ki diy pou tout moun ki gen règ.