VJUPDH

Appeler Itinéraire Contacter l’organisation

VJUPDH C'est une organisation a but non lucrative qui travail pour l’amélioration des conditions de vie de la Jeunesse HAITIENNE.

Nan okazyon jounen mondyal Dwa Fanm yo,   koube l byen ba Pou l salye kouraj ak detèminasyon tout Fanm Vanyan yo, konsta...
08/03/2026

Nan okazyon jounen mondyal Dwa Fanm yo, koube l byen ba Pou l salye kouraj ak detèminasyon tout Fanm Vanyan yo, konsta a klè, Ayiti pap rive jwenn Chimen delivrans la san angajman ak enplikasyon Fanm yo. Fanm se manman lavi, avek Angajman epi enplikasyon yo, Ayiti ka reviv ankò.

Me. Wilgens Milius
Kòdonatè VJUPDH

Ekip kominikasyon CICASH la soti Nan silans li aprè Pwopozisyon soti de Kriz ke yo te fè avan 7 fevriye a.
26/02/2026

Ekip kominikasyon CICASH la soti Nan silans li aprè Pwopozisyon soti de Kriz ke yo te fè avan 7 fevriye a.

Ekip   la (Collectif des Citoyens Conscients et Engagés pour Sauver Haïti)  estime ke genyen nesesite Pou tout aktè yo j...
23/01/2026

Ekip la (Collectif des Citoyens Conscients et Engagés pour Sauver Haïti) estime ke genyen nesesite Pou tout aktè yo jwenn yon fòmil Pou yo mete tèt ansanm epi pwopoze yon sèl altènativ Pou retire peyi a nan sal ye la a, si non Jou kap vini yo ka pi tris Pou peyi a.

Si n pa dakò mete tèt Nou ansanm Pou n Sove Peyi sa a, Nou kap Pèdi, Nou tout kap viktim, Nou tout kap mouri.

Si w konsyan ke li enpotan Pou n fè solidarite a rejwen n Nou e nap rejwen n ou, paske mesaj Nou yo pa depaman "Ayiti bouke, Ayiti paka desann pi ba ke sa" se pitit Ayiti ki Pou retire Ayiti kote l ye la a.

Jwèt Pou Nou.

Me Wilgens Milius
Kòdonatè CICASH

*Transition en Haïti : Le collectif CICASH propose une issue de secours avant le 7 février*Port-au-Prince, le 19 janvier...
19/01/2026

*Transition en Haïti : Le collectif CICASH propose une issue de secours avant le 7 février*

Port-au-Prince, le 19 janvier 2026.- Face à l'imminence de l'échéance constitutionnelle du 7 février et devant l'enlisement de la crise multidimensionnelle, le collectif « Citoyens Conscients et Engagés pour Sauver Haïti » (CICASH) monte au créneau. Dans un mémorandum adressé à la Primature, cette structure citoyenne trace une feuille de route axée sur la sécurité et la continuité de l’État.

Alors que le compte à rebours est lancé, l'inquiétude grandit au sein de la société civile haïtienne. Le constat dressé par le CICASH est sans appel : les objectifs initiaux de la transition peinent à se concrétiser, laissant le pays dans une vulnérabilité extrême. Entre une insécurité qui dicte sa loi et une économie en lambeaux, le collectif appelle à un sursaut patriotique pour éviter le chaos total au lendemain du 7 février.

Un plan d'action en trois piliers

La proposition soumise au Premier ministre Alix Didier Fils-Aimé ne se contente pas de critiquer ; elle propose des axes concrets pour stabiliser la nation :

Le rétablissement de l’autorité de l’État : Le CICASH place la sécurité en tête des priorités. Il prône un appui massif à la Police Nationale d'Haïti (PNH) et aux Forces Armées d'Haïti (FAd’H). L'objectif est clair : reprendre les territoires perdus et sécuriser les axes routiers pour permettre la libre circulation des biens et des personnes.

L'urgence sociale et humanitaire : Face à l'inflation galopante, le document recommande des mesures immédiates pour stabiliser le prix du panier de la ménagère et soutenir les milliers de déplacés internes qui fuient les violences des gangs.

Une gouvernance de rupture : Les signataires plaident pour une administration resserrée, transparente et uniquement focalisée sur l'organisation de joutes électorales crédibles une fois le climat sécuritaire rétabli.

La Cour de Cassation comme dernier rempart ?

L'aspect le plus saillant de cette proposition citoyenne réside dans la gestion de la présidence. Pour combler le vide institutionnel et garantir une transition ordonnée, le CICASH suggère de se tourner vers la plus haute instance judiciaire du pays. Selon cette proposition, le prochain président provisoire devrait être issu de la Cour de Cassation.

Cette formule, déjà expérimentée par le passé, est ici présentée comme une solution de « sagesse » visant à apaiser les tensions politiques et à offrir une image de neutralité. Le processus de désignation serait, selon le collectif, validé par une large concertation nationale incluant les secteurs vitaux de la vie nationale : églises, universités et organisations de défense des droits humains.

Un appel au consensus national

En soumettant ce document, le collectif CICASH espère créer un déclic chez les acteurs politiques de tous bords. Pour ces citoyens engagés, l'heure n'est plus aux querelles de chapelles mais à la sauvegarde de l'intégrité territoriale et institutionnelle d'Haïti.

Reste à savoir si cette main tendue sera saisie par le gouvernement en place et la classe politique, alors que la pression internationale et populaire continue de s'intensifier à mesure que le 7 février approche.

12/01/2026
12/01/2026

12 janvye se yon dat ekip la pap Jan m byen, li raple n trajedi frè n ak sèn yo. Ekip la fè ti kout vidéo sa a Nan memwa tout viktim 12 janvye yo.

*Pwopozisyon sòti kriz ke CICASH pwopoze a chita sou aksyon sa yo.* Lè n konsidere  ke akò 3 avril la, nan seksyon 1, at...
10/01/2026

*Pwopozisyon sòti kriz ke CICASH pwopoze a chita sou aksyon sa yo.*

Lè n konsidere ke akò 3 avril la, nan seksyon 1, atik 1.1, epi seksyon 7 (VII) atik 20 alinya 4, ki te bay CPT priyorite sa yo.

1) Bay pèp la sekirite
2) Relanse ekonomi an
3) Refòm konstitisyon an ak enstitisyon yo
4) fè eleksyon

Nou konstate ke anyen nan sa CPT te genyen kòm misyon e obligasyon pa reyalize.

Konsidere ke akò 3 avril 2024 te pwevwa manda CPT a ap fini 7 fevriye 2026.

*Pou Peyi a sòti Nan sal ye la a. CICASH (Citoyens Conscients et Engagés pour Sauver Haïti) wè fok prensip sa yo se bousòl Nou:*

1) Enklizyon nasyonal
2) Legalite epi lejitimite
3) Sekirite tout Moun
4) Transparans ak bay rapò sou tt sa kap fèt yo
5) Souverènte Nasyonal.

*Nou idantifye 6 Aks stratejik Pou Peyi a sòti kote l trouve l la.*

1) Retabli Sekirite sou tout tèritwa a

2) Fok Nou gen yon gouvènans tranzisyon ki kredib

3) Relanse ekonomi an

4) Bay sipò sosyal avek pèp la an ijans

5) Lanse Dyalog Nasyonal epi Rekonsilye pèp la avek Leta.

6) Fè refòm nan enstitisyon yo answit fè eleksyon

*Nou men m nan CICASH Pou Peyi pa eklate nèt 7 fevriye Nou pwopoze yon metòd Pou n chwzi Prezidan an.*

Nou pwopoze Pou gen yon eleksyon endirek ki fèt, Pou n kapab jwenn yon Prezidan Repiblik kap sòti Nan Kou Kasasyon, kap konfòm ak sa ki rele prensip kontinwite Leta.

Demach sa a chita sou yon konsètasyon ant CPT a avek Gouvènman an.

Kap gen Pou wòl konvoke an ijans enstitisyon sa yo (ou byen Moun sa yo)

1) 146 Majistra (Mè) yo ki Nan Chak komi n yo.

2) 571 KAZEK ki Nan seksyon kominal yo

3) 3 Reprezantan Djaspora

4) 10 Reprezantan Chak Bawo yo

5) 2 Reprezantan Asosyasyon Majistra (komisè Gouvènman P - au - P epi Dwayen Tribinal Premye Enstans la

6) 3 Reprezantan Òganizasyon Dwa Moun

7) 1 Reprezantan Legliz katolik

8) 1 Reprezantan Legliz Pwotestan

9) 1 Reprezantan Vodou

10) 1 Reprezantan Inivèsite Leta a

11) Chef Lapolis la

12) Liyetnan General Fòs Ame Ayiti.

Kap bay yon total *741* Moun (Reprezantan)

*Men ki kalandriye Nou pwopoze nan CICASH*

CPT ak Gouvènman an dwe konvoke tout Reprezantan nou sot site anlè yo ant 15 a 17 janvye.

*** 18 janvye dwe gen yon Premye Asiz Pou Nou ka élu yon komisyon kap gen ladan n:

A) Legliz katolik
B) Legliz protestant
C) Vodou.

Komisyon ap genyen Pou misyon Pou yo ale ankete sou moralite Jig kou Kasasyon yo sof prezidan kou Kasasyon an. Pandan 5 Jou.

**** 24 Janvye ap genyen yon dezyèm Asiz kote komisyon an AP vini prezante rapò ankèt la.

Komisyon an ap remèt CPT a avek Gouvèman an rapò a, yo men m ki pwal prezante Jig ki onèt epi kredib yo bay asanble a.

Jig sa yo pa genyen 24, 25, 26 janvye Pou yo fè kanpay.

27 Janvye ap gen yon twazyèm Asiz kote Jig yo pwal prezante politik jeneral yo bay asanble epi Pou asanble a tou vote.

NB: Liyetnan jeneral Fòs Ame Ayiti a avek Chef Lapolis la ap jwe wòl moderatè.

Ant 27 ou 28 Janvye selon lè vot la fini an, CPT a avek Gouvènman an ap anonse avek ansanble a kiyes ki ranpòte eleksyon an.

NB: Tout sa kap fèt yo laprès dwe la.

Pou Fini CPT avek Gouvènman an ap genyen 9 Jou, sa vle di sòti 29 Janvye Pou rive 6 fevriye Pou prepare envestiti nouvo Prezidan Élu a, 7 fevriye 2026.

Swivan Refleksyon Nou men m nan CICASH Propozisyon sa a ap evite Peyi a efondre plis.

Me. Wilgens Milius
Kòdonatè CICASH.

08/01/2026
Proposition de Sortie de Crise ds CITOYENS ET ENGAGÉS POUR SAUVER HAITI.
08/01/2026

Proposition de Sortie de Crise ds CITOYENS ET ENGAGÉS POUR SAUVER HAITI.

Adresse

5, Impasse Icare, Lalue, Avenue John Brown
Port-au-Prince
509

Téléphone

+50931021316

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque VJUPDH publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à VJUPDH:

Raccourcis

Partager