ARAKA Sant Kiltirèl - Bibliyotèk

ARAKA Sant Kiltirèl - Bibliyotèk ARAKA (Api pou Rechèch ak Animasyon Kiltirèl Ayisyen) fondé le 13 Août 1988.

05/09/2025
Asosyasyon ARAKA ap selebre e bat gwo bravo lakontantman pou piblikasyon woman "Passagères de nuit" an ki se dènye kreya...
05/09/2025

Asosyasyon ARAKA ap selebre e bat gwo bravo lakontantman pou piblikasyon woman "Passagères de nuit" an ki se dènye kreyasyon Marèn nou, ekrivèn "Yannick Lahens".

Liv sa a chwazi nan lis woman ki nan kous pou Pri Goncourt 2025 lan, youn nan pi gwo distenksyon literè nan lang fransèz la ak nan espas frankofoni an.

Nou voye gwo felisitasyon bay Marèn nou, Yannick Lahens, yon lòt fwa ankò ou fè fyète kouvri tout sektè kiltirèl Ayisyen an espesyalman Sant Kiltirèl ARAKA.

Se swè nou pou "Passagères de nuit" ranpòte Pri Goncourt 2025 lan.

14/08/2025

*ARAKA*
_Sant kiltirèl ak bibliyotèk_
*13 out 1988 - 13 out 2025*
_sa te dwe fè 37 lane_

Sa deranje m anpil anpil lè mwen pa gen mwayen pou remèt sa yo prete m.
Mwen konprann epi toujou di : konsidere zak " fè byen pou moun lan " , kòm yon aksyon ki fonksyone tankou yon chenn " en relais " ou jwenn, ou bay; li jwenn, li bay, jouk byen an pase moun ak moun, pou li tounen jwenn sila ki te kòmanse li a...

Becken chante : Mwen pat anyen, mwen pa anyen...(petèt mwen pap janm anyen 🤷🏿‍♂️) men, jodya anpil moun rekonèt mwen epi mwen genyen yon etikèt yo dakò ki kole nan do m, ki rele : operatè kiltirèl.

Se gras ak ou wi ARAKA, paske kòdonatè jeneral epòk la, *Vanel Lominy*, te envite m nan lane 2009 nan yon aktivite...
Jodya tankou yon mò nan tonm, dat fèt ou rive, mwen pa gen venn gonfle ni bra long pou mwen ta ba ou kado.

Kado ou merite a pa lòt bagay, se kanpe sou 2 pye w kontinye mache fè travay ou. Travay sa jenerasyon 80 an te tanmen an jouk vye mwen menm te rive genyen chans jui de ou a pou mwen te rive genyen jodya estati yon moun ki fè pati lakilti peyi a.

ooo sa fè lontan...ooo lontan lontan...sa fè lontan lontan m pa pran bon van...sa fè lontan m pa wè papiyon lasenjan...ala remò pou nou tande... ( Rèv 2001 : Tan an chanje)

Ebyen wi, lavi isit nan peyi Dayiti chanje anpiiiil. si ARAKA jodya pa ka fete 37 lane li a, se akoz :

* Ensekirite pwograme sa k ap dewoule nan peyi a, sitou nan pòtoprens lan, ki kraze sant vil kapital la, pase anba dife ak piyaj espas sant kiltirèl bibliyotèk la ki te chita nan bon pozisyon : ri antèman #230 lan...

* peyi a chaje avèk pwoblèm, sitou koze grangou a, ki fè jounen jodya, lakilti ak koze liv pa bagay ki genyen gwo enpòtans ni valè nan je anpil moun peyi a. Prèske tout moun ap chache "wòch" pou yo jere ijans, jere tan yo wè, jere chape poul yo...
Se sa ki fè pa genyen mesèn ni leta ni sektè prive pou di sant *ARAKA* pap rete kouche atè a, fòk li kanpe pou flanbo li klere pi plis jenn pase sila yo ki gentan...

Pòtoprens, 24 fevriye 2025Se avèk anpil tristès ke asosyasyon Api pou Rechèch ak Animasyon Kiltirèl Ayisyen (ARAKA) apra...
25/02/2025

Pòtoprens, 24 fevriye 2025

Se avèk anpil tristès ke asosyasyon Api pou Rechèch ak Animasyon Kiltirèl Ayisyen (ARAKA) aprann nouvèl lanmò gran ekriven, dramatij, komedyen ak atis pent Frankétienne, ki kite nou jou ki te 20 fevriye 2025 la.

Frankétienne make kilti nou an ak yon eritaj ki pa p janm efase. Nan moman difisil sa a, nou fè efò pou nou pa rete nan kriye, men pito selebre lavi li ak travay san parèy li kite pou nou yo. Jan yo di lakay nou, "kriye pa leve lèmò", men si nou kriye se pou n kontinye renmen li toujou paske nou rekonesan anpil pou kontribisyon ekstraòdinè li pote nan devlopman patrimwàn kiltirèl ayisyen, literati sitou.

Nou profite di Frankétienne mèsi pou tout sa li te ban nou. Lanati fè nou yon gwo kado lè li te pèmèt nou viv ak yon lespri konsa, aprann nan men l ak pwofite limyè li. Avèk zèv tankou Pèlen Tèt, Dezafi, Mur a crevé pou n site sa yo selman, Frankétienne rive touche nanm pèp ayisyen an, transmèt lespwa, ak ouvè je jèn yo sou enpòtans literati ak konsyans politik ak sosyal.

Nan moman sa a, nou voye tout senpati nou bay fanmi li, zanmi li, ak tout moun ki te renmen l, sitou ak tout lektè li yo. Nou vle di yo ak tout fòs nou : Frankétienne pa mouri, Frankétienne paka mouri. Paske Lespri li ap viv nan liv li yo, nan pyès teyat li yo epi nan chak tablo li kite pran fòm ak koulè anba penso li. Travay li ap kontinye enspire nou menm nan jenerasyon sa ak lòt k ap vini yo.

Mèsi Frankétienne, Mèsi Anpil !!!

Ekip ARAKA 🕯🖤

17/10/2024

ARAKA se pou ou, ARAKA se pou nou...an nou pote kole pou n ede l rekanpe

Klike sou lyen sa pou fè yon DON https://gofund.me/5939c70e

Pa bliye pataje POST la. Mèsi Apil!

N'hésitez pas à supporter ARAKA (Centre Culturel et Bibliothèque) à atteindre ses objectifs tout en faisant un don et pa...
28/08/2024

N'hésitez pas à supporter ARAKA (Centre Culturel et Bibliothèque) à atteindre ses objectifs tout en faisant un don et partager le lien

Bonjour, je suis Yanick Lahens, écrivaine et marrainne du Club Sig… Yanick Lahens needs your support for Faire fonctionner à nouveau le Centre Culturel ARAKA.

MÈSI PA SIFI!BON 36 LANE !
15/08/2024

MÈSI PA SIFI!

BON 36 LANE !

Adresse

230, Rue De L'enterrement
Port-au-Prince
509

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque ARAKA Sant Kiltirèl - Bibliyotèk publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à ARAKA Sant Kiltirèl - Bibliyotèk:

Partager