10/12/2024
Lina se te yon jèn fi ki te gen anpil pasyon pou ede moun. Li te fèk antre nan yon asosiyasyon ki t ap òganize aktivite pou ede fanmi ki nan difikilte. Depi premye jou a, li te montre ke li motive anpil, li t ap pwopoze ide, li te bay tout kè l nan travay li. Li te panse ke ekip la t ap akeyi l avèk chalè, espesyalman paske li te vini ak kèk konpetans espesyal nan jere pwojè. Li te espere jwenn yon ekip kote tout moun t ap travay ansanm pou yon sèl objektif.
Men, li remake byen vit reyalite a te diferan anpil. Nan premye reyinyon li yo, li te santi yon frèt. Anpil nan moun ki te deja la depi kèk tan te sanble pa enterese ak nouvo ide li t ap pwopoze yo. Chak fwa li vin ak yon nouvo lide, yo te reponn li ak fraz tankou "Se konsa nou toujou fè l" oswa "Wap konprann pita". Lina te santi yon rezistans, epi yo te souvan inyore ide l oswa yo mete yo sou kote san yo pa ba li okenn eksplikasyon.
Apre kèk semèn, li remake ekip la pa te twò ini. Gen moun ki pa t pale ak lòt, epi te gen anpil ti joure (koze k ap pale nan ti kalbas). Te gen kèk ti gwoup ki fèmen epi ki deside tout bagay san yo pa konsilte lòt moun. Lina te santi l egzile, yo te trete l tankou "nouvo a" ki poko konnen kijan bagay yo mache. Li te eseye rapwoche, li te poze kesyon, men repons yo te frèt, tankou li te deranje moun yo.
Yon jou, pandan yo t ap fè yon aktivite pou ranmase lajan, yon pwoblèm te rive. Lina te reskonsab lojistik, men nan dènye minit, yon lòt manm ekip la chanje pwogram nan san l pa t di li anyen. Konsa, li te oblije enprovize pou l jere sitiyasyon an, men aktivite a pa t reyisi jan li te planifye. Apre aktivite a, olye pou yo soutni l, kèk manm ekip la te kòmanse kritike li devan tout moun, yo di li pa t òganize ase.
Ak tout move eksperyans sa yo, Lina te kòmanse santi l fatige ak dekouraje. Li te santi l izole, san soutyen, epi menm demotive. Tansyon ki te gen nan ekip la te fè li pèdi dezi li te genyen pou l ede nan misyon an. Li te kòmanse poze tèt li kesyon si angajman sa a te vo lapenn epi li te menm kòmanse panse seryezman pou l kite asosiyasyon an.
Istwa Lina montre ke nan volontarya, jan ekip la aji ak jan y ap trete chak manb gen anpil enpòtans. Lè yon volontè santi li ekskli, san soutyen, oswa yo kritike l san rezon, sa ka dekouraje l fasil. Yon bon atmosfè nan yon ekip, ki baze sou respè, ekout ak enklizyon, enpòtan anpil pou chak manb ka jwenn plas yo epi montre pi bon vèsyon yo a.
Volontè Pou Chanjman