Kirekk Swiv nou!

Rete branche!📌
08/03/2026

Rete branche!📌

KIREKK  avek kolaborasyon Fondasyon Toya reyalize ansanm yon seri aktivite nan lokal fondasyon an Dèlma 60. Nan kad seri...
11/05/2025

KIREKK avek kolaborasyon Fondasyon Toya reyalize ansanm yon seri aktivite nan lokal fondasyon an Dèlma 60.

Nan kad seri aktivite Kirekk lanse chak ane, enstitisyon sa ki te loje l nan kafoufèy rive òganize avèk kolaborasyon Fondasyon Toya plizyè jounen aktivite. Pami aktivite sa yo nou jwenn; Fòmasyon sou VBG( violence basée sur le genre), fòmasyon sou inisyasyon Fotografi nimerik, epi atelye sikososyal.

Nan mitan vanzemare yo, nan yon kontèks vrèman difisil kote reyini ak jèn pa fasil, sitou lè n konnen espas yo vin frajilize chak jou pi plis, Kirekk rive kanmenm reyini kèk jèn pou reyisit aktivite sila a.

Pou fòmasyon sou VBG, atelye sila te mete aksan non sèlman sou vyolans, men tou gade ansanm mekanis pou konbat vylolans k ap fè sou tout fòm yo.

Nan sa ki gen pou wè ak fòmasyon sou fotografi nimerik la, patispan yo fè konesans a kèk aparèy fotografi, epi rive kapab fè diferans ant yon foto peyizaj ak yon potrè, ak tout lòt tip fotografi ki egziste. Nan fen fòmasyon an, benefisyè yo te rive kaptire plizyè moman nan yon seyans pratik.

Pou atelye sikosyal la, animatè a te tanmen yon seri de diskisyon ki te gen awè ak kriz n ap konnen dènye tan sa yo la. Yon lòt bò, pale de san teknik pou w fè fas ak move van sa yo.

On lòt fwa ankò Kirekk renouvle angajman l nan nan batay pou libète ak byenèt moun. Epi pa dewoute nan vizyon li ki se kreye espas pou jèn yo emèje.

Pou n fini, nou vle remesye tou fòmatè yo ki te fè deplasman pou rann aktivite sa posib,, ak yon remèsiman espesyal pou Fondation TOYA Toya.

Randevou !
12/02/2025

Randevou !

Randevou!
07/02/2025

Randevou!

Jounen pòt ouvèt nan okazyon 2 lane selebrasyon sant kiltirèl KIREKK.Nan lide pou n kontinye sere lyen yo, jan sa te ano...
27/12/2024

Jounen pòt ouvèt nan okazyon 2 lane selebrasyon sant kiltirèl KIREKK.

Nan lide pou n kontinye sere lyen yo, jan sa te anonse a, Kirekk te pwofite selebre ansanm ak manm li yo 2 lane sant kiltirèl la. Yon jounen aktivite ki te rezime an 3 pati jan sa konn fèt la.

Nan yon premye moman, te gen divès kalite moun ki t ap jwe diferan jwèt tankou; damye, domino, lido epi jwèt kat .

Yon dezyèm pati ki te konsakre sou ansanm diskisyon sou sitiyasyon peyi a, kote anpil moun te eseye dekri ansanm move moman difisil yo pandan ane a, yon pati ki te ranpli ak anpil emosyon kote moun yo pa t kache fristrasyon yo pou yo pale san rezèv epi espere fè anpil jefò pou kontinye kenbe.

Pou klotire jounen sila te gen plizyè pèfòmans atistik pami yo, show tanbou, slam ,pwezi pou n site sa yo selman.

Boutofen, kirekk renouvle angajman l pou l kontinye sèvi kominote a, nan kreye aktivite kote jèn yo kapab patisipe nan tout konfòmite.

Malgre move van k ap sakaje peyi a, nou deside kase randevou avèk nou 24 Desanm menmjan sa konn toujou fèt chak ane nan ...
09/12/2024

Malgre move van k ap sakaje peyi a, nou deside kase randevou avèk nou 24 Desanm menmjan sa konn toujou fèt chak ane nan lide pou n ranfòse lyen yo, epi gade kijan n ka avanse ansanm pou ane 2025 la.

Mèsi Joe shoot ak Mr Nathan pou foto🙏
23/10/2024

Mèsi Joe shoot ak Mr Nathan pou foto🙏

SELEBRASYON 6 LANNE Kirekk ANNDAN KAFOUFÈY  Se nan yon anbyans lanmou, fratènite kirekk rive selebre 6 lane egzitans ak ...
23/10/2024

SELEBRASYON 6 LANNE Kirekk ANNDAN KAFOUFÈY

Se nan yon anbyans lanmou, fratènite kirekk rive selebre 6 lane egzitans ak ezistrans nan kominote a.

Malgre tout pwoblèm n ap fè fas chak jou nan peyi a, estrikiti a rive reyini plizyè moun ki soti nan diferan katye vin selebre ansanm ak nou sou teren Miwon.

Jan sa te anonse a, te gen plizyè aktivite tankou: Match foutbòl, ekspozisyon ak plizyè atis ki te pèfòme nan anivèsè òganizasyon an, si nou ka Site Shelo Pleb Mizik, Emilia, J-Panesty epi Atis Balendjo.

Òganizasyon an renouvle angajman l pou l toujou kenbe motivasyon l epi misyon l ki ede jèn yo jwenn yon pi bon direksyon.

GEN PI BÈL JOU K AP VINI💛

Randevou!16 oktòb 2018- 16 oktòb 20246 lane! 🧡
30/09/2024

Randevou!
16 oktòb 2018- 16 oktòb 2024
6 lane!
🧡

Kirekk pran plezi envite w vin selebre avè l,  sizyèm lane rezistans ak batay l ap mennen anndan katye popilè yo ak jèn ...
16/09/2024

Kirekk pran plezi envite w vin selebre avè l, sizyèm lane rezistans ak batay l ap mennen anndan katye popilè yo ak jèn yo.

Nou kase randevou avè w jou k ap 16 oktòb 2024 la nan lokalite Miwon pou n vin rann aktivite sila reyisi.

Nou konte sou prezans ou!

Adresse

70, Street Gérard, Carrefour-feuilles
Port-au-Prince

Téléphone

+50932337695

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Kirekk publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Kirekk:

Partager