03/11/2025
Nou vle di yon gwo mèsi ak tout moun ki te fè pati eksperyans espirityèl ak kiltirèl Koulè Memwa.
Gras ak prezans, kouraj, ak lanmou nou, nou rive rann omaj ak diyite bay atist ki pa la ankò, pandan n ap selebre lavi, eritaj, ak enspirasyon yo.
Mèsi ak Vady Confident ki te reyalize pòtrè yo, ak tout ekip teknik, patnè, kolaboratè « Jeux dits Pwezi », volontè, ak fanmi ki te kwè nan pwojè sa a depi premye jou. Nou pa t ap kapab fè l san nou.
Koulè Memwa se plis pase yon aktivite — se yon pon ant jenerasyon, yon chante rekonesans pou tout sa ki te vini avan nou.
Nou kontinye pote flanm nan, ansanm.
Onè, respè, ak memwa etènèl.
CNV