30/11/2025
Bonswa Ayiti ! Bonswa tout Moun ki nan mond lan!
Lig jèn yo nan mòn lopital voye Yon gwo kout Chapo pou Chak grenn sitwayen konsyan, kredib, e konsekan k ap travèse yon moman difisil Ayiti kou aletranje, pandan n ap pwofite salye Chak grenn jwè nan seleksyon nasyonal la epi Chak grenn Moun San distenksyon kite sipòte ekip la nan Yon fason pou Yon lòt.
Patisipasyon n nan koup Dimond lan aprè 52 lane vle Di anpil bagay pou n. se fyète Zansèt yo kite sakrifye yo lajounen kou lanjelis pou n te pran endepans Nou anba men enperyalis yo, ki pa janm sispann Tou pizi n, nan entansyon pou yo ka fè n bliye listwa n etanke premye pèp nwa lib, kite arive ede majorite pèp nan mond lan Soti nan esklavajis.
Nan sans sa n ap mande leta si yo pa enplike nan group ame yo, k ap teworize tout Yon popilasyon ke yo asime responsablite yo pou lapè ak Lanmou ka retabli nan sosyete Ayisyèn nan pou rèy demokrasi a ka emèje sou tout teritwa nasyonal la.
Nou bouke tande bri Moun nan katye yo k ap viktim; depòtasyon masiv, kadejak, bal mawon, bal reyèl, anlèvman, asasina. Nou bouke tande brijèn yo ke gang ak vès, gang nan leta, gang politik, gang ekomik ki enpeche yo jwi tout privilèj ke konstitisyon an ba yo etanke Moun.
Nou vle n konnen se nan linyon ke fòs Chak grenn Ayisyen konsyan e konsekan ye, batay pou lapè retabli nan peyi dayiti a p ap kanpe! Tout jenn fi ak Jenn gason ki ret onèt, nou vle n konnnen rete djougan, paske viktwa final la se pou Nou l ap ye.
Yon jèn, pou Yon sosyete !
Jamè n p ap lèse ba yo!
Yon Jou, l ap Jou!
Kòdonatè jeneral: Cliford Cormier