06/01/2025
Mesaj Nouvèl an kowòdonatris Jeneral IEDEH
Modòd pou ane 2025 lan, *fè sa w renmen, renmen sa w ap fè, pa konsakre tan w ak enjèji w ak anyen ki pa kontribye nan byennèt ou.*
Ou pa nan konpetisyon ak pèsòn, pa menm konsidere ke w nan konpetisyon ak tèt ou, tout sa w ap antreprann konsidere l tankou yon randevou ak pi bon vèsyon w lan. Ou pa nan yon kous, pouswiv ak pwòp vitès ou !
Mwen konsyan e konnen nan ki pwen 2024 la te yon ane epwouvan pou kominote ayisyèn lan. Yon ane kote tout kondisyon yo te reyini pou nou abandone tout bagay nèt. Pwojè, rèv ak anvi viv. Pou nouvèl ane sa, pwize andedan w pou jwenn ase enèji pou devlope kapasite adaptasyon pou kèlkeswa obstak ak difikilte an. Pran rèn lavi w, se ou ki pou deside, non pa difikilte yo.
Mwen vle esprime gratitid mwen ak nou chak ki te kontribye ak reyalizasyon pwojè IEDEH yo, ekip dirijan IEDEH, spesyalman enfatigab Degraff Max Gregord, kowòdonatè adjwen nou Rootchill Petit-Homme, ekip dirijan club FOCUS, Laguerre Marie Guetchline, Josué Iliste, Berson Jerôme. M ap pwofite salye diferan fòmatè ak fòmatris salon yo, tout manb donè FOCUS, manb dò, manb ajan, manb bwonz club la, kontribisyon nou san egal.
Pou 2024 lan, nou arive:
✓ Fòme plis pase 300 jèn nan kad pwogram fòmasyon PHOENIX lan.
✓ Òganize plizyè tchalenj
- Transfòme lavi w, pran kontwòl lavi w pou 2024: Fevriye 2024)
- Aprann byen Jere tan w : Jiyè 2024
- Devlope konfyans nan tèt ou : Desanm 2024
✓ Lanse seksyon nivo aprantisaj Club FOCUS ki aktyèlman genyen 70 manb.
✓ Òganize diferan salon, sou plizyè tèm ladan yo :
1- Devlope konfyans nan tèt ou, yon defi kotidyen
2- Kijan w kapab defye limit ki anpeche w Jere tan w e konkeri rèv ou.
3- kòman nou kapab ede yon jèn dekouvri? vokasyon li pou yon pi bon oryantasyon pwofesyonèl?
4- Kijan pou Kreye e relanse biznis ou Aprè yon echèk ?
5- kijan w Kapab itilize maketin nan tan kriz pou grandi biznis ou?
✓ Lanse pwogram Kotchin Tout Feu, Tout Flamme
✓ Lanse seksyon anglè FOCUS
Travay sa yo patap posib san kontribisyon nou chak e m ap pwofite esprime gratitid mwen ak chanpyon e chanpyòn sa yo ki itilize odyans yo pou pataje aktivite nou yo. Mèsi Carlos Robertho Deronceray, mèsi Zanj De Jwa, mèsi Fabienne Etienne ki mete paj li a dispozisyon jèn k ap travay nan kominote an, li pat ezite itilize paj li pou l te fè pwomosyon pou kowòt desanm 2024 lan.
Kontribisyon nou pa gen pri, e pou nouvèl ane sila, ekip IEDEH renouvle angajman li nan travay l ap fè pou konstwi yon nouvèl jenerasyon lidè k ap travay pou devlopman kominote yo.
Sosyete nou ta renmen viv ladan l lan, se nou menm ki ka konstwi l !
Ann fè pou yo sa yo pat fè pou nou !
Depi w panse l ou ka fè l, ane sa m batize l pwodiktivite, pwodwi, men pwodwi byen, pwodwi kalite.
Lanmou ak limyè pou nou chak !
Kowòdonatris Jeneral IEDEH
Aliuskha Shelda ELIASSAINT liassaint
06-01-2025