JÈN FÒS AYITI

JÈN FÒS AYITI Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de JÈN FÒS AYITI, Organisation à but non lucratif, Port-au-Prince.

Jèn fòs AYITI se yon òganizasyon pwofesyonèl ki gen Pou misyon travay ak jèn, jèn fòs AYITI ap travay nan tèt kole ak lòt asosyasyon tankou Haiti k-se chenn, konekte AYITI ak platfòm Asso-Haiti.

11/05/2026

Pa kite difikilte yo fè w doute de kapasite w chak ti efò ou fè jodi a se yon grenn semans pou yon pi bon demen, menm si rezilta yo pa parèt touswit, kontinye travay ak disiplin, pasyans, ak lafwa. Moun ki reyisi yo se pa sila ki pa janm tonbe, men sila ki toujou leve pou kontinye avanse.
✨ Rete konsantre. Rete motive. Rete kwè nan tèt ou.

08/05/2026

KONSÈY MINIS YO ANKÒ…
Pandan peyi a ap fè fas ak ensekirite, lavi chè ak kriz sosyal, Konsèy minis la t reyini 6 me, nan Palais National anba direksyon Premye minis .
Gouvènman an anonse nouvo refleksyon sou salè, administrasyon piblik, amenajman teritwa ak plizyè lòt “reformes estratejik”, men anpil kestyon rete poze , kilè popilasyon an ap wè vrè chanjman yo ?
Èske reyinyon ak pwomès sifi pou reponn ak kriz peyi a ap travèse a ?
Ant diskou sou estabilite ak reyalite lari a, anpil Ayisyen kontinye ap tann aksyon konkrè

16/04/2026

Sekirite an Ayiti yon dyalòg estratejik ki dwe mennen nan aksyon konkrè

Rankont ant Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, ak Sekretè Jeneral Adjwen Nasyonzini pou Sekirite, Gilles Michaud, make yon etap enpòtan nan rechèch solisyon pou kriz sekirite k ap boulvèse peyi a diskisyon yo te santre sou nesesite pou ranfòse kowòdinasyon ant otorite ayisyèn yo ak kominote entènasyonal la, espesyalman atravè entansifikasyon operasyon Fòs Represyon Gang yo (FRG) ak rekiperasyon kontwòl sou aks wout estratejik yo, si dyalòg sa a temwaye yon volonte politik klè pou retabli otorite Leta ak kreye kondisyon favorab pou òganizasyon eleksyon kredib, popilasyon an ap tann plis pase deklarasyon , li bezwen rezilta konkrè ak dirab, sipò Nasyonzini an rete esansyèl, men efikasite aksyon yo pral depann sitou de kapasite Leta ayisyen pou mete an aplikasyon mezi ki anonse yo, nan kontèks sa a, sekirite pa dwe sèlman yon sijè rankont diplomatik, men yon priyorite nasyonal ki mande aksyon rapid, transparans ak responsabilite.
WA MEDIA – Enfòme, analize, ranfòse kredibilite.

12/04/2026

📰 ÉDITORIAL WA MEDIA

Ariana Milagro Lafond : Yon fyète nasyonal, yon apèl pou angajman anvè jenès la viktwa jèn atis ayisyèn Ariana Milagro Lafond nan edisyon 2026 konkou House of Challenge ki te dewoule nan Togo depase kad yon senp reyalizasyon pèsonèl , li senbolize kapasite jenès ayisyèn lan pou briye sou sèn entènasyonal la epi ranfòse lyen istorik ak kiltirèl ki ini Ayiti ak kontinan Afriken an.
Felisistasyon Premye Minis la, Onorab Alix Didier Fils-Aimé, tradui rekonesans Leta bay valè kilti ak talan jèn yo sepandan, siksè sa a envite tou yon refleksyon sou nesesite pou mete anplas politik piblik dirab ki kapab akonpaye, soutni ak valorize potansyèl jenès la, espesyalman nan domèn kreyatif ak kiltirèl.
Ariana Milagro Lafond parèt jodi a kòm yon ikon enspirasyon, pandan viktwa li a raple ke envesti nan jenès la se yon chwa estratejik pou avni peyi a. Ankouraje talan, fasilite aksè a opòtinite ak ranfòse diplomasi kiltirèl yo se chemen esansyèl pou bati yon Ayiti ki pi solid ak plis prezan sou sèn entènasyonal la.

12/04/2026

| Mouvman panik lakòz trajedi pandan yon evènman

Samdi 11 avril 2026, yon trajedi te rive pandan yon evènman piblik, daprè sa jounal Le Nouvelliste Haiti rapòte. Ensidan an ta gen rapò ak pwoblèm òganizasyon, sitou itilizasyon yon sèl pòt aksè pou antre ak sòti patisipan yo.
Sitiyasyon sa a te pwovoke yon mouvman panik, ki mennen nan yon gwo lese frape, plizyè moun te gen difikilte pou respire, pandan lòt yo te pèdi konesans nan foul la.
Ensidan sa a soulve kestyon enpòtan sou mezi sekirite ak jesyon foul moun pandan evènman piblik yo.
📰 Sous : Le Nouvelliste

03/04/2026

Diaspora haïtienne : entre volonté politique et illusion d’inclusion

La récente tournée en France de la Ministre des Haïtiens Vivant à l’Étranger, J.E. Kathia Verdier, ainsi que son intervention sur TV5 Monde, s’inscrivent dans une dynamique diplomatique assumée : mobiliser la diaspora autour des prochaines échéances électorales.
Sur le principe, la démarche est pertinente. Avec une diaspora estimée entre 3 et 4 millions de personnes, Haïti dispose d’un levier stratégique majeur, à la fois économique, social et politique.
Mais au-delà du discours, une question de fond s’impose : cette mobilisation est-elle une véritable volonté d’inclusion… ou une construction politique sans fondement structurel solide ?
Car la réalité institutionnelle demeure inchangée. La Constitution de 1987 continue de limiter l’exercice plein des droits politiques des Haïtiens vivant à l’étranger. Dans ces conditions, appeler à une participation active sans réforme préalable pose un problème de cohérence. Plus encore, le contexte national fragilise toute projection électorale. L’insécurité persistante, l’absence de stabilité institutionnelle et le déficit de confiance envers les autorités publiques constituent autant d’obstacles majeurs.
Dans ce cadre, la stratégie portée par le Ministère des Haïtiens Vivant à l’Étranger semble davantage répondre à une logique de communication politique qu’à une transformation structurelle immédiate.
WA Media estime que l’enjeu dépasse la simple mobilisation de la diaspora. Il s’agit de repenser en profondeur les mécanismes d’inclusion politique, de garantir un cadre sécuritaire minimal et de restaurer la crédibilité des institutions.
Sans cela, la diaspora risque de rester un acteur sollicité dans les discours mais absent dans les décisions. L’avenir démocratique d’Haïti ne peut reposer sur des intentions, mais sur des fondations solides.
#

02/04/2026

Sekirite an Ayiti: Reyinyon ap miltipliye, rezilta yo poko vizib

1avril 2026Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé rankontre yon delegasyon Nations Unies pou diskite sou deplwaman fòs kont gang yo , men pandan sa ensécurité a ap pran plis teren chak jou chif ofisyèl ki bay alam selon Nations Unies, ak òganizasyon dwa moun:
Plis pase 4 000 moun mouri nan vyolans nan dènye ane yo plizyè milye moun deplase plizyè santèn ka kidnaping ,vyolans lan pa sispann li ap ogmante
Zòn ki pi frape daprè rapò sekirite depatman Lwès site solèy ,Bel-Air ,Martissant
Kafou ,depatman Latibonit
Gonaïves ,liancourt petite Rivière, sepatman Sant
Mirebalais ,savanette sa montre kriz la pa sèlman nan kapital la , li vin nasyonal
Masak Jean Denis dènye chok la zòn Jean Denis selon enfòmasyon ki disponib:
Plizyè moun mouri o mwen 8 rive 15 selon sous lokal
Plizyè lòt blese fanmi oblije kouri kite zòn nan on lòt masak ki montre: leta pa kontwole sitiyasyon an
Reyalite vs diskou yon bò reyinyon ak plan yon lòt bò masak , laperèz ,zòn abandone an konklizyon , pwomès pa sifi ankò pwoblèm nan pa reyinyon se aksyon ki pa rive sou teren an pandan yap diskite
pèp la ap mouri chak jou konbyen reyinyon ankò pou konbyen antèman ,èske fòs entènasyonal la ap rive twò ta oswa Ayiti deja pèdi kont gang yo ?

Adresse

Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque JÈN FÒS AYITI publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à JÈN FÒS AYITI:

Partager