Sos_Solidarité

Sos_Solidarité Éducations , formations des agriculteurs. Promotion de la production nationale et accompagner les jeunes dans differents domaines.

13/12/2022
Mwen voye yon gwo koken'n chenn salitasyon bay tout moun wanament, parapò ak fwontyè a yo fèmen. map tou pwofite denonse...
25/11/2022

Mwen voye yon gwo koken'n chenn salitasyon bay tout moun wanament, parapò ak fwontyè a yo fèmen. map tou pwofite denonse ak tout fòs mwen move tretman gouvènman dominiken an ap bay frèm ak sém yo. si yo rive nan pwen sa se koz move enjerans leta lakay ki fè yo nan al bouske lavi nan move kondisyon nan peyi vwazen.

nou menm ayisyen ann fè yon chèn solidarite pou tout kote ki gen fwontyè anndan peyi a femen, poun leve vwa nou poun denonse move kalamite , Prezidan dominiken an "Luis Abinader" ap fè nou pase.

Se fòt leta si jounen jodia repiblik dominiken ap derespekte nou, se paske moun kap dirije nou yo fèb, yo pa gen kapasite pou envisti anyen lakay yo. spesyalman nan agrikilti kise youn nan sèktè gouvènman nou an ta sipoze gen plis zye sou li malerezman sektè sa tonbe plat atè. yo sèlman pran plezi nan plen vant peyi a ak tout vye pwodwi blan pap menm itilize lakay li.

Sektè prive a tou profite de enkapasite leta poul al achte pwodwi enpòte ak yon ti pri kay blan poul vinn bay popilasyon an konsome ak gro bout tonton pri.

Nou nan yon sosyete sivil ki trè fèb inifòm ak leta, nou gen yon ansanb pati politik anndan peyi a tout divize yo menm kreye mwayen pou mete pèp ayisyen ap viv dozado youn ak lòt.

Frem ak sèm moman rive poun denonse poun vinn ak desizyon kap fè nou plezi , ka fè peyi a plezi poun sispann al pran desepsyon an repiblik domikèn , pou sispann al pran bato pou menm ap mouri nan lanmè.

Ayiti se peyi nou ann fèl reviv.

Réné GOURAIGE

Sos_Solidarité

Nan non SOS Solidarite ak Platfòm Peyizan Kole Zepòl, Nou kondane ak tout fòs chirepit ki genyen ant minis Ricard Pierre...
12/11/2022

Nan non SOS Solidarite ak Platfòm Peyizan Kole Zepòl, Nou kondane ak tout fòs chirepit ki genyen ant minis Ricard Pierre ak ansyen akolik li yo, kap detwi imaj li tandiske yo tout te ansanm."Nan faz Ayiti ye la se pa moman pou nap pwone divizyon, ann eseye kite enterè nou tonbe poun kapab sove imaj peyi a" .

Nou Reveye jodi samdi 12 novanm 2022 a, ak yon dezespwa kote de jou an jou lavi a parèt pi nwa pou population an. koz fondamantal la se divizyon , jou gen yon chita pale reyèl ki fèt nan enterè pèp Ayisyen sa ap chanje . vandredi kap 18 Nov 2022 a, peyizan nan sid pral bay yon bèl ekzanp nan yon bon chita pale sou move lavi yap fè fas sitou nan domèn agrikilti a, e yap propoze kèk solisyon tou.

Gouraige RÉNÉ

Sos_Solidarité

Sou inisyativ SOS Solidarite an patenarya ak Platfòm Peyizan Kole Zepòl, ap òganize yon koken'n chen'n chita pale. sou e...
10/11/2022

Sou inisyativ SOS Solidarite an patenarya ak Platfòm Peyizan Kole Zepòl, ap òganize yon koken'n chen'n chita pale. sou enpòtans pwodiksyon nasyonal la ak enpòtans sou yon bon dyalòg "Entè Ayisyen" , vandredi kap 18 nov 2022, nan Club Anti stress, Rue Toussaint Louverture tou prè Komisarya, nan Okay.

Peyizan yo pral bwase lide youn ak lòt, sou sitiyasyon malouk yap travèse ki gen kèk tan ki pa janm ka rezoud nan sektè agrikilti anndan peyi a.

Kote pwodiksyon nou an tonbe a zero, koz nou pa janm prodwi anyen, anplis dirijan anndan peyi nou rete ap gade san yo pa reaji sou fason sektè sa finn degrade.

Sos_Solidarité
Peyizan Kole Zepòl

Journée de motivation sur la production locale a Plateau Centrale
04/11/2022

Journée de motivation sur la production locale a Plateau Centrale

Adresse

Turgeau
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Sos_Solidarité publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Sos_Solidarité:

Partager