17/03/2025
10 konpòteman yon bon sitwayen dwe genyen poul mete peyil kanpe djanm
Yon bon sitwayen, se yon moun ki pa sèlman ap mande pou peyi fè pou li, men ki mete men poul aji.
Men 10 konpòtman esansyèl yon bon sitwayen dwe genyen:
1. Respekte lalwa ak règ sosyete a – Yon peyi pa ka fonksyone si chak moun fè sa yo vle. Yon bon sitwayen dwe respekte lalwa, trafik, ak tout règ ki la pou pwoteje sosyete a.
2. Peye taks ak kontribye nan devlopman ekonomik – Yon peyi pa ka devlope si sitwayen li yo pa kontribye. Peye taks ede leta fè wout, lekòl, lopital, elatriye.
3. Pwoteje ak valorize byen piblik – Li pa kraze ni sal wout, lekòl, lopital, moniman, oswa lòt enfrastrikti leta mete pou benefis tout moun.
4. Angaje l nan lavi kominotè – Li patisipe nan aksyon ki fè katye l ak kominote l devlope, tankou netwayaj, volontarya, ak asistans pou moun ki nan difikilte.
5. Travay onètman pou ede ekonomi peyi a grandi – Kit li antreprenè, anplwaye oswa ouvriye, li dwe travay ak disiplin, pasyans, ak onètete pou ede ekonomi an vanse.
6. Respekte lòt moun epi viv an pè – Yon peyi pa ka avanse si li gen twòp divizyon. Yon bon sitwayen evite vyolans, rasis, divizyon politik san sans, epi li chèche inite.
7. Fè respè kilti ak lang peyi li – Li pale epi ekri lang li byen, li ankouraje kilti nasyonal la, epi li defann valè ak tradisyon pozitif ki fè idantite peyi a.
8. Edike tèt li epi ankouraje lòt aprann – Yon sitwayen responsab chèche konesans pou l ka pi itil nan sosyete a epi li ankouraje lòt moun aprann, sitou jèn yo.
9. Denonse kòripsyon ak enjistis – Yon peyi pa ka devlope si li ranpli ak move zak. Yon bon sitwayen pa patisipe nan kòripsyon, ni li pa tolere li.
10. Patisipe nan pouse demokrasi epi chwazi bon lidè – Li vote ak konsyans, li enfòme ak fòme tèt li sou politik, epi li egzije bon gouvènans nan men moun k ap dirije yo.
Lè chak sitwayen fè pati pal la, peyi a ap ka kanpe djanm, lap pwogrese pou tout moun benefisye yon mòso lavi miyò!