09/03/2026
8 Mas – Jounen Entènasyonal Lit Dwa Fanm
MESAJ FONDATRIS IEDEH
Mwen reve yon mond kote lit pou dwa fanm ak tifi pa nesesè.
Yon mond kote diferans pa sèvi pou kreye siperyorite oswa enferyorite, men pou revele pi bon potansyèl chak moun.
Yon mond kote respè, egalite, ak valorizasyon chak fanm ak tifi vin fondasyon kreyasyon pou byennèt limanite.
Diffisil pa vle di enposib. Li ka pran menm yon milenè, men chak aksyon, chak pawòl, chak jès kouraj pote chanjman. Ansanm, nou ka bati yon mond kote fanm ak tifi pa sèlman egziste, men briye, grandi, epi kontribye nan yon limanite ki pi klere, pi jis, pi ini.
Aliuskha Shelda ELIASSAINT
FONDATRIS IEDEH