Bèl Ekip

Bèl Ekip Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Bèl Ekip, Organisme communautaire, 25, Pacot, Rue des collines, Port-au-Prince.

10/01/2026

Altènativ pou Chanjman Ayiti, ki regwoupe plis pase 100 òganizasyon ak pati politik, te reyini jodi a anviwon 10 000 moun nan Pak Midòre pou prezante Audin Fils Bernadel kòm Premye minis tranzisyon an aprè 7 fevriye.
Réginald Gédéon, kòm pòt-pawòl Altènativ la, te pwofite pou raple ke chwa sa a antre nan kad yon demach kolektif pou abòde kriz sistemik politik, sosyal ak ekonomik peyi a ap travèse.

19/12/2025

Yon gwoup anplwaye viktim Kès Asistans Sosyal (CAS), ki regwoupe yo nan GEVICAS, ekri chèf biwo entegre nasyonazini nan peyi dAyiti pou denonse revokasyon masiv kontra travay yo, san okenn baz legal. Pratik sa yo vyole Kòd Travay Ayisyen an ansanm ak angajman entènasyonal Leta ayisyen pran sou kesyon dwa travay ak pwoteksyon sosyal.

Anplwaye viktim yo fè konnen desizyon abitrè sa yo pa sèlman anpeche yo kontinye travay nan C.A.S men tou li mete plizyè fanmi nan mizè, pandan otorite ki responsab yo kontinye fèmen je yo ak fè silans sou konsekans desizyon sa a, sou menas, ak represyon kont travayè yo. Yo pwofite nan lèt sila pou lanse yon apèl klè bay BINUH ak Leta ayisyen pou mete fen nan enpinite administratif la epi fè respekte dwa travayè yo, jan lalwa ak konstitisyon an egzije sa.

Adresse

25, Pacot, Rue Des Collines
Port-au-Prince
HT611

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Bèl Ekip publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Raccourcis

Partager