04/05/2026
🔖 Fè elvaj. Sa mande gwo bidjè pou kòmanse, epi rentabilite a pa garanti. Avèk ti bidjèw la, M konseyew konsantrew plis sou sikri distribisyon an.
1-. Vini yon pon ant elvè yo ak kliyan kap achte yo.
2-. Sèvi ak rezo sosyal yo pou jwenn moun ki gen gwo fèm deja.
3-. Fè yon lis kote fèm yo ye, kantite ki genyen, epi negosye yon pri espesyal ak elvè yo, wap analize kou yo epi wap mete maj paw. Maj ou mete a se pa pou amòti envestisman ou fè nan marketing ak deplasman.
4-. Kreye yon mak (Branding). Fè yon bèl logo, bèl koulè, ak bèl foto pwofesyonèl. Rele li ''JOY POULET''.
5-. Keye yon paj Facebook profesyonèl kote wap kreye kontni sou lapen, poul, kochon, kabrit.
6-. Fè yon mayo pou fèm nan. Fè repòtaj nan fèm yo kote wap pale de mak ou an kote wap moutre kijan ou leve yo.....
7-. Fèvbèl foto pwofesyonèl kote wap travay nan fèm nan ak elvè yo.
8-. Toujou pale de Mak ou an ak enpòtans vyann blanch
9-. Fè Moun yo konnen ke Mak ou a se yon senbòl patriyotik ekonomik. Chak poul, kabrit, kochon yon moun achte ede antrepriz ou an konbat vyòl sou fanm nan peyi e se yon responsabilité sosyal Antrepriz ou an genyen anvè tout asosyasyon kap konbat vyòl sou fanm ak tifi nan peyi a ( Fire Women | Marijàn Organisation Féministe ).
10-. Chak poul antrepriz ou an vann fè piblik la konnen ou remèt 5% ak asosyasyon kap konbat kont fenomèn vyòl sou fanm ak tifi nan peyi a. Donk chak fwa yo Achte nan antrepriz la yo kontribiye direkteman nan ede konbat vyòl sou fanm ak tifi.
Poul 🐓 | Chèv 🐐 | Mouton 🐑 | Lapen 🐇 | Kochon 🐖