01/05/2026
Zaka pa sèlman lespri yo.
Li se senbòl travay, fòs ak detèminasyon. Zaka pa mache ak plenyen.
Li mache ak moun ki kanpe, ki kwè nan tèt yo, ki konnen sa yo vle, epi ki pare pou fè sakrifis pou rive jwenn li.
Zaka se leson lavi, Ou raboure tè a, ou plante, ou wouze, ou pwoteje rekòt la… Epi lè sezon rive, ou rekòlte sa ou te simen. Se prèv pasyans, kouraj, ak lanmou pou travay.
Zaka pa renmen parès. Li renmen swe ki bay manje, li renmen efò ki bay diyite.
Nan domèn dwa, gen sa yo rele “droit du travail”.
Se pa yon mo sèlman, se yon batay.
Si w renmen Zaka vre:
– batay pou chak moun gen travay
– batay kont chomaj
– refize wè moun ap soufri grangou san repons
Leta dwe pran responsabilite li.
Pwoteje agrikilti, Pwoteje anviwònman, Sipòte madan Sara yo, Kanpe bò kote peyizan yo, Pa gaspiye manje, Respekte lanati
Se pa pawòl sèlman, se aksyon ki montre lanmou pou Zaka.
Alaso… Alaso… Alaso…
Leve kanpe pou travay.
Leve kanpe pou lavi.
Leta, pran responsabilite w.