01/01/2025
Komite òganizasyon CANSH salye chak konpatriyòt machin ensekirite a pa frape nan lane 2024 la pandan l ap konseye nou pridans total nan nouvèl ane 2025 sa.Komite a swete nou rete djougan douvan move frap lavi an epi pa bliye jwe patisyon nou paske nou gen anpil moun k ap rete tann siksè nou. Fòs ak kouraj nan ane 2025 sa,komite a swete nou tout bon bagay yo ak konkretizasyon rèv nou yo nan nouvèl ane sa.Bon konba tout "CANSHist",LAVI P AP DI NOU,LAVNI P AP DI NOU!!!
*Guy Imise*
*Prezidan CANSH*