28/10/2024
Delenkans ou jwenn nan lekòl e kòman nou ka konbat li, desantralizasyon e kòman yon pwosesis konsa ka amelyore byennèt chak sitwayen; yon sijè ki vini nan kontèks ensekirite kote moun pa menm ka deplase al chache de sèvis Pòtoprens, kijan jèn Kanperen ka pwoteje anviwonman a travè yon ansanm de « jès ekolojik ».
Se de pwoblematik ke 68 jèn ap reflechi sou yo. Konkou disètasyon CCK se yon pretèks pou ede jèn yon amelyore kapasite kritik yo, ensite yo panse a de bagay ke yap viv e menm viktim de yo chak jou, kanalize yo nan de bagay kap ede yo konstwi tèt yo.
CCK envite ou yon lòt fwa ofri yon pri. CCK ap bezwen 12 volontè pou: 4 laptops, 4 telefòn ak 4 bisiklèt. Si ou vle kontribiye ou ka di nou sa nan 48700202, konsa nap enskri ou nan lis kontribitè epi nap tou di dat limit pou ofri pri a se 5 desanm.
CCK se yon pwojè kominotè ki enskri tèt li nan yon demach patisipativ, edikasyon san vyolans, ranfòsman koyezyon sosyal. CCK mete bibliyotèk pou jèn yo, klèb jwèt echèk, fè plizyè konferans pou jèn, fè fòmasyon pou jèn, ede jèn ki plis pwen pou lekòl yo nan bakaloreya jwenn sibvansyon pou etid yo deside fè sou yon peryòd 4 tran, e CCK sou wout mete kou mizik pou kominote a.
CCK ka sèvi de pwojè pilòt nan sans pou lòt konpatriyòt mete Sant Kiltirèl, bibliyotèk ak lòt enstitisyon kap ofri de sèvis enstriktif ak konstriktif nan komin pa yo. Si chak komin rive gen yon estrikti konsa kap bay bon sèvis nan sans sa, nou kwè ke ap genyen yon chanjman nan peyi sa ke tisi sosyal la fin dechire.
Ann nou pote chanjman nan katye nou yo, ann nou pote chanjman nan komin nou yo, ann nou pote chanjman nan depatman nou yo, ann nou pote chanjman nan rejyon nou yo, ann nou pote chanjman nan peyi a.
Nou tout e nou chak, mwen menm ak ou se espwa peyi a. Lè tout e nou chak deside vrèman poze yon aksyon pozitif, san antre nan kesyon klan, nap rive pote yon chanjman nan peyi a. E chanjman sa dwe kòmanse anndan lakay ou, nan mantalite ou, nan fon kè ou.
Ann nou tonnen ak konbit. Pa gen Nou. Kap vini fè nou pwogrese. Pwogrè a nan men nou menm Ayisyen.
Dominique Jean-Baptiste