14/02/2024
Qui ne peut pas attaquer le raisonnement, attaque le raisonneur. (Paul Valéry)
Anpil fwa sou rezo sosyal yo, moun toujou ap goumen, atake lòt ak gwo betiz se jis paske olye nou atake sa ki ekri an, nou atake moun ki ekril la sou baz santiman.
Nan domèn syantifik si m ap ekri yon atik, yon rechèch, yon memwa elatriye mw te itilize yon sitasyon, yon paragraf, mwen te li kèk dokiman elatriye pou mwen fè travay sa gen nòm ki etabli selon modèl syantifik yo (MLA, APA etc) ki dim men kòman pou mwen: site, referanse sa mwen di an. Si li pa konsa travay mwen an pase pou yon (vol intellectuel, plagiat) e nou pral wè Mme Claudine Gay te sibi sa kòm prezidant Harvard (menm si gen moun ki te konsiderel kòm yon bòykotaj, men o mwen pati advès la te gen Yon rezon valab pou sa).
Menm pou rezo sosyal yo, m pral pran egzanp yon fotojounalis. An nou ta di m ap fè yon travay syantifik mwen monte sou : X, FB, IG mwen pran yon foto Ted’Actu mw mete nan travay mwen mete nan travay mwen an. Sim itilize (APA 7ème édition) an li dim me kòman pou mwen referanse foto sa nan travay mwen an ki tou di moun k ap li an ke foto sa pa travay mwen, menm si foto an m pa jwenn sous li, li dim tou me kòman pou mwen referanse li tou.
Se menm jan nan domèn mizikal la tou prensip yo etabli. Nan sa k ap pase nan dosye Wendy (King) nan, fòk nou tout dakò ke tout zèv King nan pwoteje. Sosyete k ap jere zèv King nan p ap janm dakò moun itilize zèv li a kèlke swa objektif pou fè kòb oubyen pou sosyal san pa gen yon n akò pou sa. Kidonk, ke li te bòykotaj, ke li pat bòykotaj sosyete k ap jere zèv Yole ak Ansy yo gen rezon yo a 100%. Se pa pou san rezon platfòm mizikal yo, rezo sosyal yo bay enpòtans a (copyright) la paske yo konn sakrifis ki genyen dèyè yon pwodwi ki fini. Sinon m te ka rete m jis pran mizik King nan m mete yo sou chanèl mw oubyen si m ap fè yon live FB m t ap chwazi mizik King nan m woule yo san m pa di m pa pwopriyetè mizik la, m pa gen dwa sou li. Nou te fanatik King nan nan pozitivite depi nan Kat memwa, nan bloutouf nan banm saw genyen m pa genyen yo, m ap baw sam genyen ou pa genyen yo. N ap kontinye fè li ak rezo sosyo yo san nou pa rabese yon lòt sou dwa li.
Pa bliye menm si ou mouri, zèv ou rete vivan.
Pwoblèm ki genyen nou nan yon HMI ipokrit, youn rayi lòt pou siksè, youn ap veye tonbe lòt pou pwofite parèt. Nou nan yon dyèl konpa vs rap. Animatè yo pa kategorize yo, sila yo ki avize yo pa fè fòmasyon nan domèn mizikal la pou sila k ap tande yo. Se (challenge) pi bèl stidyo yo fè.
Mwen panse gen 2 gwo bagay enteresan pou atis yo, animatè yo aksantye sou yo e k ap bay anpil pwoblèm nan endistri an konnya kp kraze jèn atis yo ak gwoup mizikal yo pou nou jere e pale sou yo pi souvan:
1) kesyon dwa otè yo (copyright); ak
2) kesyon manadjè malonèt yo k ap eksplwate jèn atis yo ak kontra kase kou yo.
Atis yo, anpil nan fanatik nou yo se mouton. Kote nou mennen yo yo prale, an nou mennen yo nan bon chimen an lè nou santi y ap dewoute ak yon sèl: twit, yon sèl pòs.
@à la une