08/09/2025
Commission Femme D'avenir (C.F.A)
« Nou pa ka pale Demokrasi si Pèp la pa Edike. »
Odette Roy Fombrun, Washington, 1987
Medam / Mesye
Nan okazyon 5èm Edisyon Femmes 12/8 la, Commission Femme D'avenir (CFA) ki sòti nan Òganizasyon Forum Des Professionnels Entrepreneurs Haïtiens (FPEH) vle mete limyè sou pawòl vizyonè sa yo ki soti nan yon FANM estròdinè : Odette Roy Fombrun.
Li te konprann ak anpil kouraj ke Edikasyon se baz tout devlopman, tout libète, ak tout demokrasi.
Jodi a, 8 septanm, lemond ap selebre Jounen Entènasyonal Alfabetizasyon. Se yon rapèl pou tout FANM kou GASON ke san konesans, san kapasite pou li ak ekri, nou pa ka egzèse dwa nou kòmsadwa. Men nou vle mete yon aksan espesyal sou FANM ak ti FI yo, ki souvan viktim pi gwo baryè pou jwenn aksè ak Edikasyon.
Nap raple nou Inisyativ Femmes 12/8 la Egzisté pou raple nou chak 8 nan mwa a ke batay pou dwa FANM pa dwe limite ak 8 Mas sèlman. Se yon angajman san kanpe pou leve vwa nou, chèche jistis, e bati yon sosyete kote FANM yo gen dwa ak opòtinite egal.
Se ak Fyète e Angajman, mwen envite nou tout espesyalman FANM ak jèn FI Ayiti yo pou nou kontinye batay pou Edikasyon, pou Diyite, e pou yon vrè Demokrasi . Se sèl fason pou n fè Onè ak memwa Madam Odette Roy Fombrun, ak tout FANM ki te pote flanbo a anvan nou !!!
Madam. Jessica Pierre Louis
Directris Egzékitif Commission Femme D'avenir (CFA)
IMÈL : [email protected]