Lonje Dwèt

Lonje Dwèt Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de Lonje Dwèt, Organisme jeunesse, Port-au-Prince.

Lonje Dwèt est une initiative visant à identifier les jeunes qui agissent positivement sur leurs communautés, socialement, économiquement et politiquement en particulier.

📌 NÒT OFISYÈL — LONJE DWÈTNan moman doulè sa a ki frape plizyè fanmi nan Nò peyi a, nou eksprime pi gwo senpati nou bay ...
12/04/2026

📌 NÒT OFISYÈL — LONJE DWÈT

Nan moman doulè sa a ki frape plizyè fanmi nan Nò peyi a, nou eksprime pi gwo senpati nou bay tout viktim yo ak pwòch yo. Pèt lavi sa yo se yon trajedi ki mande silans, refleksyon, men sitou responsablite.

Sitadèl la se pa yon espas òdinè. Li se yon patrimwàn nasyonal, yon senbòl listwa ak diyite pèp ayisyen an. Nenpòt aktivite ki fèt sou yon sit konsa dwe respekte kad legal, mezi sekirite ak valè istorik li pote. Sa ki ta rive a soulve kesyon grav sou mank siveyans, neglijans enstitisyonèl, ak absans mezi prevantif ki ta dwe an plas.

Nan menm liy lan, nou pa ka inyore yon lòt reyalite: feblès nan edikasyon sivik ki pouse yon pati nan popilasyon an aji san konsyans sou konsekans aksyon yo, ni sou enpòtans pwoteje patrimwàn kolektif la.

Nan lespri responsabilite, nou estime ke:

Leta, atravè enstitisyon konsène yo, gen devwa pou garanti sekirite ak entegrite sit istorik yo.

Popilasyon an dwe devlope yon pi gwo sans disiplin, respè ak konsyans sitwayèn.

Trajedi sa a pa dwe pase kòm yon evènman izole.
Li dwe sèvi kòm yon apèl pou:

ranfòse kontwòl sou espas piblik yo

mete an aplikasyon politik serye sou pwoteksyon patrimwàn

entegre edikasyon sivik kòm yon priyorite nasyonal

Nou lonje dwèt sou neglijans…
Nou lonje dwèt sou iresponsablite…
Men nou lonje dwèt tou sou nesesite pou chanje.

Paske yon nasyon ki pa pwoteje ni lavi li, ni eritaj li… ap toujou ekspoze a menm trajedi yo.
Lonje Dwèt Primature de la République d'Haïti Ministère de la Culture et de la Communication Haïti

LONJE DWÈTVote se yon dwa… men èske li se yon responsabilite?Chwazi yon lidè pa janm yon jwèt.Se pa yon kesyon emosyon, ...
11/04/2026

LONJE DWÈT

Vote se yon dwa… men èske li se yon responsabilite?

Chwazi yon lidè pa janm yon jwèt.
Se pa yon kesyon emosyon, ni yon moman eksitasyon kolektif.
Se yon zak ki depase moun nan li menm.
Paske lè ou vote, ou pa sèlman ap chwazi yon figi…
ou ap bay pouvwa sou lavi w, sou sekirite w, sou avni pitit ou.

Nan silans kabin vòt la, se pa sèlman papye ou depoze…
se direksyon yon peyi ou valide.
E chak chwa gen konsekans pafwa lou, pafwa irevèsib
pou plizyè ane.


"Lè ou vote san reflechi…"

…ou pa rete net.
Ou transfere pouvwa w bay yon moun ou pa menm evalye.
Ou bay dwa sou avni w san garanti, san kestyon, san memwa.

E se la kestyon an poze ankò:
èske se dwa ou sèlman w ap egzèse… oswa se responsabilite w ap abandone?

Nou lonje dwèt… paske avni jenerasyon sa pa dwe yon aza.
Lonje Dwèt

Lonje Dwèt Nan moman pral genyen eleksyon, tout bagay parèt posib.Travay, sekirite, chanjman rapid…Men kestyon an se:ki ...
03/04/2026

Lonje Dwèt
Nan moman pral genyen eleksyon, tout bagay parèt posib.
Travay, sekirite, chanjman rapid…

Men kestyon an se:
ki moun ki gen kapasite pou fè sa li di?
Paske yon pwomès san plan…
se jis yon ilizyon.

Pa vote pou sa ou tande…
vote pou sa ki posib.

Nou lonje dwèt… men se ou ki deside.

Adresse

Port-au-Prince

Téléphone

+18295534118

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Lonje Dwèt publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L’organisation

Envoyer un message à Lonje Dwèt:

Partager