29/05/2026
Nan okazyon fèt Manman yo, Maxage, youn nan manm Chanm Komès ak Endistri Ayisyano-Kanadyèn nan (CCIHC), te pran yon bèl inisyativ pou ofri moman detant ak swen kò pou madan sara nan Petyonvil. 💆🏾♀️❤️
CCIHC ap salye ak ankouraje kalite aksyon sa yo ki mete byennèt, solidarite ak respè pou kominote a an avan. Nou fyè dèske nou genyen antrepriz tankou Maxage ki pote enpak pozitif nan sosyete a. 🇭🇹✨
Nou felisite tout ekip Maxage la pou bèl jès sa a.