31/01/2026
Me lis pati ak òganizasyon ki te envite nan reyinyon jodi 30 janvye 2026 la ki t ap fèt pa videyo konferans ak Caricom lan,
yon reyinyon ki repòte pou yon dire 72 zèdtan, nan objektif pou yo jwenn yon akò sou sa ki te diskite ansanm:
"Jean André Victor, du 30 janvier
Liné Baltazar, du PHTK
André Michel, du 21 décembre
Ted St Dic, de l'Accord de Montana
Claude Joseph, de EDE
Emmanuel Ménard, de Force louverturienne
Jean Renel Sénatus, du 24 avril
Jean Palême Mathurin, de MORN
Yrvelt Acné, Syndicaliste
Jean Lucien Ligondé, de REN
Pierre Marie Boisson, du secteur privé et
Rosny Desroches, de la société civile."
Nou chwazi site non sa yo pou fè w konprann se toujou menm moun yo :
menm non, menm figi, menm òganizasyon, menm pati politik.
Se yo menm ki toujou deside pou nou;
se yo menm ki toujou envante sistèm k ap s***e san nou;
se yo menm ki te lage sou nou bèt nèf tèt la.
Se ankò menm bann sa a k ap vin bay nou ‘yon lòt bagay’ 7 fevriye,
nou poko konnen konbyen tèt lòt bèt yap pote pou nou an ap genyen.
Se toujou yo menm k ap bay, epi se toujou nou menm k ap sibi, k ap konsonmen.
Konsta nou fè klè :
Moun yo ke ti bann sa toujou mete pou dirije nou yo,
lavi moun sa yo toujou chanje, toujou amelyore, toujou vin pi konfòtab;
tandiske lavi popilasyon an, li menm, toujou rete menm jan - nan mizè, nan soufrans, san espwa.”
Si w pèdi yon ti tan toupiti pou w fin li tèks la, w ap konprann pou kisa se toujou yo menm ki deside pou nou?
"Ou mèt ta gen plis talan nan jwèt foutbòl pase Pelé, Maradona, Messi, Ronaldo El fenomeno, Ronaldinho ak CR7;
si ou pa suiv tout chimen enstitisyonèl yo,
si ou pa pase pa estrikti ki lejitim,
si ou pa pase pa federasyon ki rekonèt, ki sètifye, ki valide kapasite w atravè tout pwosesis reglemantè yo,
ou pap janm jwe nan Real Madrid ni nan FC Barcelone, ni nan okenn lòt klèb entènasyonal paske pa genyen lejitimite san pwosesis.
E se egzakteman menm lojik sa ki aplikab nan zafè politik ak angajman sitwayen.
Si w pa manm yon asosyasyon, yon òganizasyon, oubyen yon pati politik, ou pap janm yon aktè k ap deside nan politik peyi w,
paske Pati politik yo answa gen yon wòl santral nan lavi politik ak nan desizyon yon peyi.
Ou ka chwazi di ou pap fè politik, sou pretèks majorite moun k ap fè politik Ayiti yo manke entegrite.
Kite n di w, pandan ou chwazi retrè sa, se menm klas politik tradisyonèl limite sa, ki pa gen anyen pou yo wè ak enterè kolektif la, k ap kontinye pran desizyon estratejik sou avni peyi a.
Politik pa mande pèmisyon w pou l egziste.
Pandan ou chwazi silans, yon minorite san etik, san vizyon, san kontwòl ap deside pou ou, pou pitit ou, pou avni peyi a.
Se pa paske klas politik la pouri pou w chwazi retire kò w. Okontrè.
Se egzakteman paske li pouri, li iresponsab, li predatè, ke sitwayen konsyan yo gen devwa istorik pou yo angaje yo.
Pasivite pa vle di w net pou otan.
Pasivite se konplisite.
Silans se yon fòm kolaborasyon ak deriv.
Yon peyi pa kraze paske li manke entelektyèl;
li kraze paske entelektyèl yo chwazi konfò silans olye risk angajman.
Ou pa ka kriye sou mizè, sou ensekirite, sou enjisitis, pandan ou refize antre nan batay la.
Dwa vini ak obligasyon.
Sitwayènte vini ak responsablite.
Angajman:
se pa dezòd,
se pa emosyon,
se pa pale anpil,
Se pa fè bwi, fè gwo vwa.
Angajman:
se metòd,
se estrateji,
se òganize fòs yo,
se kontwole pouvwa a, se egzije redisyon kont.
Si ou pa angaje w,
ou bay lòt moun manda pou detwi sa ou renmen.
Listwa pap padone jenerasyon ki te konnen, men ki te chwazi rete gade.
Leve kanpe.
Sòti nan pasivite.
Antre nan espas piblik la.
Angaje w.
Paske nan batay sa a, pa pran pozisyon se deja pran pozisyon kont peyi a."
Jacques Eder DÉSAMOUR,
Vent Neuf
+5093751-2818/3207-5848
[email protected]