11/05/2026
Poukisa ou dwe chwazi FONHARE pou rekipere kapasite’w ak yon readaptasyon pi rapid?
**************************************
Lè yon moun ap fè fas ak pwoblèm fizik, mantal oswa difikilte pou pale, li enpòtan pou li jwenn yon enstitisyon ki bay swen konplè, ak pwofesyonèl konpetan, epi ki mete moun nan nan kè tout entèvansyon yo.
Se nan sans sa a FONHARE parèt kòm yon referans serye pou tout moun ki bezwen rejwenn kapasite pi vit nan tout sa yo dwe fè nan lavi chak jou.
● 1. Yon depatman Fizyoterapi ki vize retabli mobilite w
Depatman Fizyoterapi a ede moun ki gen doulè nan misk ak jwenti, ki fè aksidan, ki fè Stroke/AVC, oswa ki gen lòt pwoblèm mobilite. Avèk teknik modèn ak swivi pèsonalize, ekip la travay pou:
Redwi doulè
Amelyore mouvman
Ranfòse misk yo
Pèmèt pasyan an reprann aktivite nòmal li pi vit
Yon bon pwogram fizyoterapi kapab fè gwo diferans nan vitès readaptasyon an.
● 2. Ègoterapi pou reprann endepandans ou
Depatman Ègoterapi a konsantre sou ede moun reprann kapasite pou yo fè aktivite chak jou tankou abiye, manje, ekri, oswa travay. Se yon sèvis esansyèl pou:
Timoun ki gen reta devlopman
Moun ki sibi aksidan
Moun ki gen andikap fizik oswa newolojik
Objektif la se rann chak moun plis otonòm ak plis konfyans nan tèt li.
● 3. Terapi Langag pou amelyore kominikasyon
Pwoblèm pale, pwononsyasyon oswa reta langaj kapab afekte lavi sosyal ak akademik yon moun. Depatman Terapi Langag la ofri sipò pou:
Timoun ki gen reta nan pale
Moun ki fè Stroke/AVC
Pwoblèm begueman oswa twoub kominikasyon
Yon bon entèvansyon bonè kapab chanje lavi yon timoun oswa yon granmoun.
● 4. Sèvis sikolojik pou ekilib emosyonèl
Sante mantal enpòtan menm jan ak sante fizik. Depatman Sikolojik la ede moun ki ap viv:
Estrès
Twoub enkyetid
Depresyon
Chòk emosyonèl
Avèk konsèy ak terapi adapte, pasyan yo jwenn soutyen pou rebati lavi yo ak plis estabilite emosyonèl.
FONHARE se yon apwòch entegre pou pi bon rezilta, sa ki fè diferans nan FONHARE, se kolaborasyon ant tout depatman yo. Lè fizyoterapi, ègoterapi, Terapi Langag ak sikològ travay ansanm, yo kreye yon plan trètman konplè ki pèmèt readaptasyon an fèt pi rapid e pi efikas.
◇ Pwofesyonèl kalifye
◇ Swivi pèsonalize
◇ Sèvis plizyè disiplin nan menm espas la
◇ Angajman pou byennèt chak moun
Chwazi FONHARE se chwazi rejwenn kapasite ou ak diyite. Se mete sante ou nan men yon ekip ki pran avni ou oserye.
Adrès : Diwo, Wanament, Nòdès
Telefòn : 3228-1776 / 4416-5303
Sit wèb : www.fonhare.org
Fondation Haitienne de Réhabilitation (FONHARE)